Matye 13:10-17
Matye 13:10-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Disip yo pwoche kot Jezi, yo di li: — Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo konsa? Jezi reponn yo: — Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis pase sa l bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l nimm ti sa l te genyen an. — Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun yo. Paske lè y'ap gade, yo pa wè. Lè y'ap koute, yo pa tande, ni yo pa konprann. Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: N'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. N'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè. Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo. Se Bondye ki pale konsa. — Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.
Matye 13:10-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les disciples s’approchent de Jésus et lui demandent : « Pourquoi est-ce que tu leur parles avec des comparaisons ? » Jésus leur répond : « Dieu vous donne, à vous, de connaître les vérités cachées du Royaume des cieux, mais il ne donne pas cela aux autres. En effet, celui qui a quelque chose, on lui donnera encore plus et il aura beaucoup plus. Mais celui qui n’a rien, on lui enlèvera même le peu de choses qu’il a. Donc, je leur parle avec des comparaisons parce qu’ils regardent, mais ils ne voient pas. Ils entendent, mais ils n’écoutent pas et ne comprennent pas. Ainsi, il leur arrive ce que le prophète Ésaïe a annoncé : “Dieu dit : Vous entendrez bien, mais vous ne comprendrez pas. Vous regarderez bien, mais vous ne verrez pas. Oui, la tête de ce peuple est devenue dure. Ils ont bouché leurs oreilles, ils ont fermé les yeux. Ils ne voulaient pas voir avec leurs yeux, entendre avec leurs oreilles, comprendre avec leur cœur. Ils ne voulaient pas changer leur vie, alors je n’ai pas pu les guérir !” « Mais vous, vous êtes heureux : vos yeux voient et vos oreilles entendent. Je vous le dis, c’est la vérité : beaucoup de prophètes, beaucoup de gens fidèles à Dieu ont désiré voir ce que vous voyez, mais ils ne l’ont pas vu. Ils ont désiré entendre ce que vous entendez, mais ils ne l’ont pas entendu. »
Matye 13:10-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?” Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a. Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an. Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl. Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre. Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre. Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a: Ou ap koute sou koute, men ou p ap konprann anyen. Ou ap gade sou gade, men ou p ap wè anyen. Kè pèp sa vin tounen zanpoud. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande, yo fèmen je yo pou yo pa wè. Si kè yo pa t tounen zanpoud yo ta wè ak je yo, yo ta tande ak zòrèy yo, yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen, mwen ta geri yo. Men nou menm, benediksyon pou nou paske je nou yo wè, zòrèy nou yo tande. An verite m ap di nou: anpil pwofèt ak anpil moun ki fidèl te swete wè sa n ap wè la a. Yo te swete tande sa n ap tande la a, men yo pa t jwenn gras sa a.
Matye 13:10-17 New International Version (NIV)
The disciples came to him and asked, “Why do you speak to the people in parables?” He replied, “Because the knowledge of the secrets of the kingdom of heaven has been given to you, but not to them. Whoever has will be given more, and they will have an abundance. Whoever does not have, even what they have will be taken from them. This is why I speak to them in parables: “Though seeing, they do not see; though hearing, they do not hear or understand. In them is fulfilled the prophecy of Isaiah: “ ‘You will be ever hearing but never understanding; you will be ever seeing but never perceiving. For this people’s heart has become calloused; they hardly hear with their ears, and they have closed their eyes. Otherwise they might see with their eyes, hear with their ears, understand with their hearts and turn, and I would heal them.’ But blessed are your eyes because they see, and your ears because they hear. For truly I tell you, many prophets and righteous people longed to see what you see but did not see it, and to hear what you hear but did not hear it.
Matye 13:10-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors ses disciples s’approchèrent et lui demandèrent : Pourquoi te sers-tu de paraboles pour leur parler ? Il leur répondit : Vous avez reçu le privilège de connaître les secrets du royaume des cieux, mais eux ne l’ont pas reçu. Car à celui qui a, on donnera encore, jusqu’à ce qu’il soit dans l’abondance ; mais à celui qui n’a pas, on ôtera même ce qu’il a. Voici pourquoi je me sers de paraboles, pour leur parler : c’est que, bien qu’ils regardent, ils ne voient pas, et bien qu’ils écoutent, ils n’entendent pas et ne comprennent pas. Pour eux s’accomplit cette prophétie d’Esaïe : Vous aurez beau entendre, vous ne comprendrez pas. Vous aurez beau voir de vos propres yeux, vous ne saisirez pas. Car ce peuple est devenu insensible, ils ont fait la sourde oreille et ils se sont bouché les yeux, de peur qu’ils voient de leurs yeux, et qu’ils entendent de leurs oreilles, de peur qu’ils comprennent, qu’ils reviennent à moi et que je les guérisse . Vous, au contraire, vous êtes heureux, vos yeux voient et vos oreilles entendent ! Vraiment, je vous l’assure : beaucoup de prophètes et de justes ont désiré voir ce que vous voyez, mais ne l’ont pas vu ; ils ont désiré entendre ce que vous entendez, mais ne l’ont pas entendu.