Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l ak frè l yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l. Se konsa yon moun di Jezi: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. Men Jezi reponn moun ki te di l sa a: — Kilès ki manman m? Kilès ki frè m? Lè sa a, li lonje men l sou disip li yo, li di: — Gade non: men manman m ak frè m yo. Tout moun ki fè sa Papa m ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman m.
Li Matye 12
Koute Matye 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 12:46-50
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo