Malachi 3

3
1Senyè a di:
— Men #Eza 40.3; Mat 11.10; Mak 1.2; Lik 1.76; 7.27 m'ap voye mesaje mwen devan pou li pare chmen pou mwen. N'ap rete konsa n'ap wè Senyè n'ap chache a ap vini nan Tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou li fè tout moun konnen kontra a.
2Men, #Eza 4.4; Jowèl 2.11 ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad. 3L'a #Eza 1.25; Zak 13.9 vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l la. 4#Eze 20.40 sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Senyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman.
5Senyè #Lev 19.13; Det 24.17; Jer 29.23 ki gen tout pouvwa a di ankò:
— M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif.
Kèsyon ladim pou Tanp lan
6Mwen #Sòm 102.27; Lam 3.22 se Senyè a, mwen p'ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt. 7Depi #Zak 1.3; Tra 7.51 sou tan zansèt nou yo, nou pa okipe sa m'te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. N'ap mande nan kisa nou dwe tounen vin jwenn mwen an? 8Mwen #Ney 13.10 menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande kijan n'ap twonpe m' lan. Enben m'ap reponn nou: - Se nan kesyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri mwen yo. 9Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m. 10Pote #Jen 7.11; Pwo 3.9,10; 2 Kor 9.6-8 tout ladim lan nèt nan tanp lan san wete anyen ladan li dekwa pou pa manke manje nan tanp lan. N'a wè si mwen p'ap louvri pòt kannal syèl la, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou ankantite. 11Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 12#Eza 62.4; Sof 3.19 sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
Senyè a pwomèt l'ap toujou gen pitye
13Senyè a #Mal 2.17 di ankò:
— Nou te pale m mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa? 14Nou #Jòb 21.15; Sof 1.12 te di: Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Senyè a mande, pou li fè Senyè a wè li gen lapenn pou sa li fè ki mal? 15Kounyeya, nou #Sòm 95.9 tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo.
16Men #Egz 32.32; Det 6.6,7 moun ki gen krentif pou Senyè a t'ap pale yonn ak lòt pou ankouraje yonn lòt. Li fè louvri yon liv souvni nan prezans li pou moun ki gen krentif pou li yo epi ki respekte non li. 17Senyè a #Egz 19.5; Tra 17.31; 1 Pyè 2.9 di konsa: Y'ap yon pèp apa pou mwen. Jou m'a deside pou m aji a, se moun pa m nèt y'ap ye. M'a gen pitye pou yo, menm jan yon papa gen pitye pou pitit gason l k'ap sèvi l. 18Lè sa a ankò, n'a wè diferans ant moun k'ap mache dwat ak moun k'ap fè sa ki mal, ant moun k'ap sèvi Bondye ak moun ki p'ap sèvi l.

Chwazi Kounye ya:

Malachi 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an