Malachi 3:1-10

Malachi 3:1-10 HAT98

Senyè a di: — Men m'ap voye mesaje mwen devan pou li pare chmen pou mwen. N'ap rete konsa n'ap wè Senyè n'ap chache a ap vini nan Tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou li fè tout moun konnen kontra a. Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad. L'a vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l la. Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Senyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman. Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif. Mwen se Senyè a, mwen p'ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt. Depi sou tan zansèt nou yo, nou pa okipe sa m'te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. N'ap mande nan kisa nou dwe tounen vin jwenn mwen an? Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande kijan n'ap twonpe m' lan. Enben m'ap reponn nou: - Se nan kesyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri mwen yo. Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m. Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan san wete anyen ladan li dekwa pou pa manke manje nan tanp lan. N'a wè si mwen p'ap louvri pòt kannal syèl la, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou ankantite.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an