Malachi 1

1
Jan Senyè a renmen pèp Izrayèl la
1Men mesay Senyè a te bay Malachi #1.1: Malachi: Se yon mo ebre ki vle di mesaje mwen, osinon zanj mwen tankou nan premye vèsè chapit twa a. pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte li. Men desizyon Senyè a:
2Senyè a #Wòm 9.13 di: #Det 7.8; Jer 31.3; Wòm 9.13 Mwen renmen nou!
Men pèp la reponn: - Nan kisa ou renmen nou an atò?
Men sa Senyè a reponn yo: - Ezayi ak Jakòb, apa de frè yo ye! Epoutan mwen renmen Jakòb ak tout pitit pitit li yo. 3Men, #Jer 49.18; Eze 35.3; Jowèl 3.19 mwen rayi (repouse, deteste, pa fèb menm jan an pou) Ezayi ak tout pitit pitit li yo. Mwen ravaje tout mòn peyi Ezayi a. Mwen fè peyi yo a tounen savann kote bèt nan bwa rete.
4Si moun peyi Edon yo di: Yo detwi lavil nou yo, men n'ap rebati yo, Senyè a menm ap reponn yo: Nou mèt rebati yo, m'ap toujou kraze yo. Moun pral rele yo: Peyi mechan yo, nasyon ki fè Senyè a ankòlè tout tan an.
5Moun Izrayèl yo pral wè sa ak pwòp je yo. Epi y'a di: Senyè a gen pouvwa menm andeyò peyi Izrayèl la.
Senyè a fache sou prèt yo
6Senyè #Egz 4.22; 20.12; Oze 11.1; Lik 6.46 ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou kounyeya, nou menm prèt yo ki pa respekte l. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l respekte papa l. Yon domestik fèt pou l gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouray pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la? 7Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Senyè a pa merite yo respekte l. 8#Lev 22.22 nou mennen bèt avèg pou fè sakrifis pou mwen, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen bèt bwete, bèt tou malad ban mwen, atò sa se pa bagay mal nou fè? Enben seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske l'a fè ou yon favè?
9Kounyeya, nou #Det 10.17 menm prèt yo, lapriyè nan pye Bondye pou l gen pitye pou nou non! Eske l'a ban nou favè l? Se nou menm ki va lakòz li pa fè sa pou nou! 10Senyè #Eza 1.11,13; Jer 6.20; Am 5.21 ki gen tout pouvwa a pale, li di: Mwen ta swete yonn nan nou ta fèmen tout pòt Tanp lan pou nou pa limen dife pou gremesi sou lotèl mwen an. Mwen pa kontan menm ak nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Mwen p'ap asepte okenn ofrann nan men nou. 11Toupatou #Eza 56.7; 60.3; 65.1 sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri bon bagay pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. 12Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Senyè a pa bon ankò. Se vye manje n'ap ofri sou li. #1.12: Se vye manje n'ap ofri sou li: Nou pa fin sèten se sa mo ebre yo vle di. 13Lèfini, #Lev 22.20; Eza 43.22; Mi 6.3; Mal 3.14 n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m ankò. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Senyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Senyè a ki mande nou sa. 14Madichon #Egz 12.5; Lev 22.21; Sòm 47.2; 76.12 pou moun k'ap twonpe m yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Malachi 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte