Lik 9:1-50

Lik 9:1-50 HAT98

Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. Li di yo: — Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a. Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou. Konsa yo p'ap ka di nou pat avèti yo. Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bòn nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou. Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sa k t'ap pase. Men, li pat konnen sa pou l te kwè. Gen moun ki t'ap di: — Se Jan Batis ki leve pami mò yo. Gen lòt ki t'ap di: — Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: — Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Men Ewòd t'ap di: — Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi. Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda. Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad. Lè solèy konmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinay la. Paske isit la nou nan mitan yon dezè. Jezi di yo: — Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: — Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n'al achte manje pou n bay tout pèp sa a? (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: — Fè yo chita pa ranje senkant konsa. Disip yo koute l, yo fè tout moun chita. Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je li nan syèl, li rann gras sou manje a. Apre sa, li separe li, li renmèt disip yo pou mache distribye bay foul la. Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete. Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: — Ki moun yo di mwen ye? Yo reponn li: — Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Li mande yo: — Bon, nou menm menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: — Ou se Kris la, moun Bondye chwazi pou voye a. Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn sa. Apre sa, li di yo: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve sòti vivan nan lanmò. Epi li di yo tout: — Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li pote kwa li chak jou, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, l'a sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye, si l pèdi nanm li, ou si l detwi lavi li? Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m ak tout bèl pouvwa Papa m, nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m tou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a. Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou l'al lapriyè. Antan li t'ap lapriyè, figi l pran chanje, rad li vin klere tou blan. Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli, ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki sòti nan syèl la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li ta pral mouri lavil Jerizalèm pou l te ka akonpli misyon li. Yon bon dòmi te gentan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l yo. Antan mesye yo ta pral kite Jezi, Pyè di li: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Li pa te konnen sa li t'ap di. Pandan li t'ap pale konsa, yon nyaj vin kouvri yo ak lonbray li. Lè disip yo wè nyaj la ap vin sou yo, yo te pè. Lè sa a, yo tande yon vwa ki sòti nan nyaj la ki di: — Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li! Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pat rakonte pèsonn sa yo te wè. Nan denmen, yo desann sòti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi. Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: — Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. Li gen yon movezespri ki konn pran li. Lè konsa, lespri a fè li fè gwo rèl. Li souke li byen souke epi li fè li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se avèk anpil traka lè pou li soti sou li. Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pat kapab. Jezi reponn: — Ala ras moun san konfyans! Ala ras moun pèvèti! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou! Jouk ki tan pou m' sipòte nou ankò! Mennen ti bway la ban mwen. Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini, movezespri a fese li atè souke li byen souke. Men Jezi te pale byen rèd ak movezespri a. Li geri pitit la epi li renmèt li bay papa li. Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo: — Fè sa antre nan tèt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m tonbe anba men lèzòm. Men, disip yo pat konprann pawòl la. Sans li te kache pou yo, yo pat ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l kèsyon sou sa tou. Apre sa, disip yo t'ap diskite antre yo pou konnen kilès pami yo ki gen plis enpòtans. Jezi vin konnen lide ki te nan tèt yo: li pran yon timoun piti li mete l bò kote li. Epi li di yo: — Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. Moun nan mitan nou ki pi ba a, se li ki gen plis enpòtans lan. Jan pran lapawòl, li di: — Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou. Jezi reponn li: — Kite l non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an