Lik 9:1-50

Lik 9:1-50 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. Li di yo: — Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a. Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou. Konsa yo p'ap ka di nou pat avèti yo. Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bòn nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou. Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sa k t'ap pase. Men, li pat konnen sa pou l te kwè. Gen moun ki t'ap di: — Se Jan Batis ki leve pami mò yo. Gen lòt ki t'ap di: — Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: — Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Men Ewòd t'ap di: — Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi. Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda. Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad. Lè solèy konmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinay la. Paske isit la nou nan mitan yon dezè. Jezi di yo: — Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: — Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n'al achte manje pou n bay tout pèp sa a? (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: — Fè yo chita pa ranje senkant konsa. Disip yo koute l, yo fè tout moun chita. Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je li nan syèl, li rann gras sou manje a. Apre sa, li separe li, li renmèt disip yo pou mache distribye bay foul la. Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete. Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: — Ki moun yo di mwen ye? Yo reponn li: — Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Li mande yo: — Bon, nou menm menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: — Ou se Kris la, moun Bondye chwazi pou voye a. Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn sa. Apre sa, li di yo: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve sòti vivan nan lanmò. Epi li di yo tout: — Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li pote kwa li chak jou, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, l'a sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye, si l pèdi nanm li, ou si l detwi lavi li? Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m ak tout bèl pouvwa Papa m, nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m tou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a. Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou l'al lapriyè. Antan li t'ap lapriyè, figi l pran chanje, rad li vin klere tou blan. Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli, ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki sòti nan syèl la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li ta pral mouri lavil Jerizalèm pou l te ka akonpli misyon li. Yon bon dòmi te gentan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l yo. Antan mesye yo ta pral kite Jezi, Pyè di li: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Li pa te konnen sa li t'ap di. Pandan li t'ap pale konsa, yon nyaj vin kouvri yo ak lonbray li. Lè disip yo wè nyaj la ap vin sou yo, yo te pè. Lè sa a, yo tande yon vwa ki sòti nan nyaj la ki di: — Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li! Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pat rakonte pèsonn sa yo te wè. Nan denmen, yo desann sòti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi. Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: — Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. Li gen yon movezespri ki konn pran li. Lè konsa, lespri a fè li fè gwo rèl. Li souke li byen souke epi li fè li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se avèk anpil traka lè pou li soti sou li. Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pat kapab. Jezi reponn: — Ala ras moun san konfyans! Ala ras moun pèvèti! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou! Jouk ki tan pou m' sipòte nou ankò! Mennen ti bway la ban mwen. Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini, movezespri a fese li atè souke li byen souke. Men Jezi te pale byen rèd ak movezespri a. Li geri pitit la epi li renmèt li bay papa li. Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo: — Fè sa antre nan tèt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m tonbe anba men lèzòm. Men, disip yo pat konprann pawòl la. Sans li te kache pou yo, yo pat ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l kèsyon sou sa tou. Apre sa, disip yo t'ap diskite antre yo pou konnen kilès pami yo ki gen plis enpòtans. Jezi vin konnen lide ki te nan tèt yo: li pran yon timoun piti li mete l bò kote li. Epi li di yo: — Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. Moun nan mitan nou ki pi ba a, se li ki gen plis enpòtans lan. Jan pran lapawòl, li di: — Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou. Jezi reponn li: — Kite l non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye.

Pataje
Li Lik 9

Lik 9:1-50 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus réunit les douze apôtres. Il leur donne la force et le pouvoir de chasser tous les esprits mauvais et de guérir les maladies. Ensuite, il les envoie annoncer le Royaume de Dieu et guérir les malades. Il leur dit : « Pour la route, n’emportez rien avec vous : pas de bâton, pas de sac, pas de nourriture, pas d’argent. Prenez un seul vêtement chacun. Quand on vous reçoit dans une maison, restez-y, c’est de là que vous repartirez. Quand les gens ne vous accueillent pas, quittez leur ville en secouant la poussière de vos pieds . De cette façon, vous leur montrerez qu’ils ont mal agi. » Les disciples partent et ils vont de village en village. Partout, ils annoncent la Bonne Nouvelle et ils guérissent les malades. Hérode, le gouverneur, entend parler de tout ce qui se passe. Il ne sait pas ce qu’il faut penser. En effet, les uns disent de Jésus : « C’est Jean qui s’est réveillé de la mort ! » D’autres disent : « C’est Élie qui apparaît ! » D’autres encore disent : « Un des prophètes d’autrefois s’est relevé de la mort ! » Mais Hérode dit : « Jean, je lui ai fait couper la tête moi-même. Qui donc est cet homme ? J’entends dire tant de choses à son sujet ! » Et Hérode cherche à voir Jésus. Les apôtres reviennent et ils racontent à Jésus tout ce qu’ils ont fait. Jésus les emmène loin des gens, vers une ville appelée Bethsaïda, mais les foules apprennent cela et elles le suivent. Jésus les accueille, il leur parle du Royaume de Dieu et il guérit ceux qui en ont besoin. C’est bientôt la fin du jour. Les douze apôtres s’approchent de Jésus et lui disent : « Renvoie les gens dans les villages et les maisons des environs. Là, ils trouveront un lieu pour loger et quelque chose à manger. En effet, ici, nous sommes dans un endroit désert. » Mais Jésus leur répond : « Donnez-leur vous-mêmes à manger. » Les disciples disent : « Nous avons seulement cinq pains et deux poissons. Est-ce que nous devons aller acheter à manger pour tout ce monde ? » Il y a environ 5 000 hommes. Jésus dit à ses disciples : « Faites asseoir les gens par groupes de 50 à peu près. » Ils obéissent et font asseoir tout le monde. Jésus prend les cinq pains et les deux poissons. Il lève les yeux vers le ciel, il dit une prière de bénédiction sur les pains et sur les poissons. Il les partage et les donne aux disciples. Alors les disciples les distribuent à la foule. Tous mangent autant qu’ils veulent, et on emporte dans douze paniers les morceaux qui restent. Un jour, Jésus prie dans un endroit isolé et ses disciples sont avec lui. Jésus leur demande : « Pour les foules, qui suis-je ? » Les disciples répondent : « Les uns disent que tu es Jean-Baptiste, d’autres disent que tu es Élie. D’autres encore disent que tu es un prophète d’autrefois qui s’est relevé de la mort. » Jésus leur dit : « Mais vous, qu’est-ce que vous dites ? Qui suis-je ? » Pierre répond : « Tu es le Messie de Dieu ! » Jésus leur commande sévèrement : « Ne dites cela à personne ! » Et il continue en disant : « Il faut que le Fils de l’homme souffre beaucoup. Les anciens, les chefs des prêtres et les maîtres de la loi ne voudront pas de lui. Ils le feront mourir. Et le troisième jour, il se réveillera de la mort. » Ensuite Jésus dit à tous : « Si quelqu’un veut venir avec moi, il ne doit plus penser à lui-même. Chaque jour, il doit porter sa croix et me suivre. En effet, celui qui veut sauver sa vie la perdra. Mais celui qui perd sa vie à cause de moi la sauvera. Si une personne gagne toutes les richesses du monde, mais si elle perd sa vie ou si elle se détruit elle-même, à quoi cela lui sert-il ? Si quelqu’un a honte de moi et de mes paroles, moi, le Fils de l’homme, j’aurai honte de lui quand je viendrai dans ma gloire et dans la gloire du Père et des anges saints. Oui, je vous le dis, c’est la vérité, quelques-uns ici ne mourront pas avant de voir le Royaume de Dieu. » Environ huit jours après avoir dit ces paroles, Jésus emmène avec lui Pierre, Jean et Jacques et il monte sur la montagne pour prier. Pendant que Jésus prie, son visage change, et son vêtement devient blanc comme la lumière de l’éclair. Soudain, il y a deux hommes qui parlent avec lui. C’est Moïse et Élie. On les voit entourés de la gloire de Dieu. Ils parlent avec Jésus de sa mort prochaine à Jérusalem. Pierre et ceux qui sont avec lui dorment très profondément. Quand ils se réveillent, ils voient la gloire de Jésus et les deux hommes qui sont avec lui. Au moment où Moïse et Élie vont quitter Jésus, Pierre lui dit : « Maître, c’est une bonne chose pour nous d’être ici. Nous allons faire trois abris : un pour toi, un pour Moïse, et un pour Élie. » Mais Pierre ne sait pas ce qu’il dit. Pendant qu’il parle, un nuage arrive et il les couvre de son ombre. Au moment où ils entrent dans le nuage, les disciples ont peur. Une voix vient du nuage et elle dit : « Celui-ci est mon Fils, c’est lui que j’ai choisi. Écoutez-le ! » Quand la voix parle, Jésus se retrouve seul. Les disciples gardent le silence, et, ces jours-là, ils n’ont raconté à personne ce qu’ils ont vu. Le jour suivant, Jésus et les trois disciples descendent de la montagne. Une grande foule vient à la rencontre de Jésus. Dans la foule, un homme crie : « Maître, s’il te plaît, occupe-toi de mon fils ! C’est mon seul enfant ! Souvent, un esprit le saisit et, tout à coup, il le fait crier, il le secoue très fort, et de la salive sort de la bouche de l’enfant. L’esprit lui fait beaucoup de mal et il le quitte difficilement. J’ai demandé à tes disciples de chasser cet esprit, mais ils n’ont pas été capables de le faire. » Jésus dit : « Vous, les gens d’aujourd’hui, vous n’avez pas la foi et vous faites le mal. Je vais rester avec vous et vous supporter combien de temps encore ? » Ensuite, Jésus dit à l’homme : « Amène ton fils ici ! » Pendant que l’enfant arrive, l’esprit mauvais le jette par terre et le secoue très fort. Mais Jésus menace l’esprit mauvais, il guérit l’enfant et le rend à son père. Tous les gens sont très étonnés. Ils disent : « Vraiment, Dieu est grand ! » Tous admirent tout ce que Jésus fait. Alors il dit à ses disciples : « Ouvrez vos oreilles pour retenir ce que je vais vous dire : le Fils de l’homme va être livré aux mains des hommes. » Mais les disciples ne comprennent pas cette parole, elle n’est pas claire pour eux, alors ils ne voient pas ce qu’elle veut dire. Et ils n’osent pas demander à Jésus : « Qu’est-ce que tu as voulu dire ? » Les disciples discutent entre eux. Ils se demandent : « Parmi nous, qui est le plus important ? » Jésus sait qu’ils discutent de cela. Alors il prend un enfant, il le met à côté de lui et il dit à ses disciples : « Si quelqu’un reçoit cet enfant à cause de moi, c’est moi qu’il reçoit. Et la personne qui me reçoit, reçoit aussi celui qui m’a envoyé. Oui, celui qui est le moins important parmi vous tous, voilà le plus important ! » Alors Jean dit à Jésus : « Maître, nous avons vu quelqu’un qui chasse les esprits mauvais en ton nom. Nous avons voulu l’empêcher de faire cela, parce qu’il ne fait pas partie de notre groupe. » Jésus répond à Jean : « Ne l’empêchez pas. En effet, celui qui n’est pas contre vous est pour vous. »

Pataje
Li Lik 9

Lik 9:1-50 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi. Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad. Epi li di yo: “Pa pote okenn pwovizyon avèk nou pou vwayaj la. Pa pran ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan; pa menm yon rad derechany piga nou pote. Nan nenpòt kay nou antre, rete la jouktan nou rive lè pou nou deplase. Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.” Konsa, apot yo ale, yo vwayaje atravè tout bouk yo. Yo preche bòn nouvèl la epi yo geri anpil moun toupatou. Tout bagay ki t ap pase yo te rive nan zòrèy Ewòd. Li te touve l nan konfizyon paske te gen kèk moun ki t ap di se Janbatis ki resisite. Gen moun ki te di se Eli ki parèt. Gen lòt menm ki te di se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite. Men Ewòd t ap di nan panse li: “Se mwen ki te koupe tèt Janbatis. Ki lès nonm sa a ye menm k ap fè tout bagay sa yo m ap tande a?” Li pa t sispann chache okazyon rankontre ak Jezi. Lè apot yo tounen sot nan misyon an, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Apre sa Jezi pran yo ak li yo pati poukont yo ale nan yon vil yo rele Bètsayida. Lè foul moun yo reyalize sa k pase a, yo pouswiv Jezi. Lè yo rive, li resevwa yo. Li tonbe preche yo konsènan wayòm Bondye a epi li geri tout sa yo ki te malad. Lè l t apral aswè, douz apot yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Fòk ou voye foul la ale pou yo ka chache jwenn kote pou yo dòmi ak manje pou yo manje nan zòn ki ozalantou, paske kote nou ye a pa gen kay.” Men Jezi di yo: “Se pou nou menm nou ba yo manje.” Yo reponn Jezi konsa: “Nou gen sèlman senk (5) pen ak de (2) pwason la a. Atò pou nou ta al achte manje pou nou bay tout moun sa yo?” Te gen anviwon senk mil (5,000) gason konsa. Jezi di apot li yo: “Fè yo chita pa gwoup senkant (50) moun.” Apot yo te fè sa a epi tout moun te chita. Jezi pran senk (5) pen ak de (2) pwason yo. Li leve tèt li gade syèl la. Li di Bondye mèsi pou yo epi li kase yo. Li bay apot li yo pou pataje bay foul la. Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè yo ranmase rès moso foul la pa t fin manje, yo jwenn douz panye. Yon lè, pandan Jezi t ap priye poukont li, tout apot li yo vin rasanble kote l. Li pwofite poze yo kesyon sa a: “Ki moun foul la di mwen ye?” Yo reponn li: “Anpil moun di ou se Janbatis. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt menm ki di ou se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite.” Lè sa a Jezi di yo: “E nou menm, ki moun nou di mwen ye?” Pyè reponn, li di: “Ou se Kris Bondye voye a.” Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn moun sa. Apre sa Jezi di: “Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.” Epi li kontinye di yo tout: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. Paske moun ki ta vle sove lavi li, va pèdi l; men moun ki pèdi lavi li pou mwen, se moun sa k ap sove lavi li. Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo. Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.” Anviwon uit jou kon sa apre Jezi te fin di pawòl sa yo, li pran Pyè, Jan ak Jak, li monte sou yon mòn ansanm ak yo pou l al priye. Etan Jezi t ap priye konsa, figi l chanje. Se kòmsi li vin gen yon lòt vizaj, rad sou li menm vin tou blan epi l ap briye. Epi, men de mesye t ap pale ansanm ak li. Se te Moyiz ak Eli. Mesye sa yo te parèt nan tout laglwa yo tou, yo t ap pale ak Jezi sou misyon li t apral akonpli nan lanmò li nan Jerizalèm. Nan moman sa a, Pyè ansanm ak lòt mesye yo te gen yon move dòmi k ap kale yo. Lè yo reveye, yo wè Jezi nan laglwa li. Yo wè de mesye yo tou ki te kanpe ansanm ak Jezi. Pandan mesye yo fè sa pou yo ale kite Jezi, Pyè di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la. Si ou dakò, m ap monte twa tant. Youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.” Pyè pa t konnen twò byen sa l t ap di. Pandan Pyè t ap di pawòl sa yo, yon nyaj vin kouvri yo. Pyè ansanm ak lòt de disip yo te pè anpil lè nyaj la kouvri yo a. Se kon sa yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!” Lè vwa a fin pale, mesye yo wè Jezi poukont li ankò. Men yo pa t janm di pèsonn moun anyen nan lè sa a sou sa yo te wè a. Nan demen, Jezi ansanm ak Pyè, Jan ak Jak desann mòn nan. Parèt yo parèt, yon gwo foul moun vin rankontre Jezi. Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen. Lè ou tande move lespri sa a sezi li, li fè l tonbe kriye byen fò, li souke l byen souke, li fè bouch li fè kim, li pa vle kite l ditou epi li maltrete l anpil. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.” Jezi reponn: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a isit.” Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l. Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa. Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa: “Kenbe pawòl m pral di nou la yo byen nan tèt nou. Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm.” Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a. Disip Jezi yo te tonbe nan yon diskisyon sou ki moun pami yo ki ta pi gran pase lòt yo. Jezi li menm ki te konnen sa k te nan tèt yo, li pran yon ti moun, li mete l kanpe kote l. Apre sa li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa ti moun sa a nan non mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan. Paske moun ki pi piti nan pami nou an, se li menm ki pi gran.” Jan pran lapawòl li di: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.” Men Jezi di: “Pa anpeche li. Paske nenpòt moun ki pa kont ou, li avè w.”

Pataje
Li Lik 9

Lik 9:1-50 New International Version (NIV)

When Jesus had called the Twelve together, he gave them power and authority to drive out all demons and to cure diseases, and he sent them out to proclaim the kingdom of God and to heal the sick. He told them: “Take nothing for the journey—no staff, no bag, no bread, no money, no extra shirt. Whatever house you enter, stay there until you leave that town. If people do not welcome you, leave their town and shake the dust off your feet as a testimony against them.” So they set out and went from village to village, proclaiming the good news and healing people everywhere. Now Herod the tetrarch heard about all that was going on. And he was perplexed because some were saying that John had been raised from the dead, others that Elijah had appeared, and still others that one of the prophets of long ago had come back to life. But Herod said, “I beheaded John. Who, then, is this I hear such things about?” And he tried to see him. When the apostles returned, they reported to Jesus what they had done. Then he took them with him and they withdrew by themselves to a town called Bethsaida, but the crowds learned about it and followed him. He welcomed them and spoke to them about the kingdom of God, and healed those who needed healing. Late in the afternoon the Twelve came to him and said, “Send the crowd away so they can go to the surrounding villages and countryside and find food and lodging, because we are in a remote place here.” He replied, “You give them something to eat.” They answered, “We have only five loaves of bread and two fish—unless we go and buy food for all this crowd.” (About five thousand men were there.) But he said to his disciples, “Have them sit down in groups of about fifty each.” The disciples did so, and everyone sat down. Taking the five loaves and the two fish and looking up to heaven, he gave thanks and broke them. Then he gave them to the disciples to distribute to the people. They all ate and were satisfied, and the disciples picked up twelve basketfuls of broken pieces that were left over. Once when Jesus was praying in private and his disciples were with him, he asked them, “Who do the crowds say I am?” They replied, “Some say John the Baptist; others say Elijah; and still others, that one of the prophets of long ago has come back to life.” “But what about you?” he asked. “Who do you say I am?” Peter answered, “God’s Messiah.” Jesus strictly warned them not to tell this to anyone. And he said, “The Son of Man must suffer many things and be rejected by the elders, the chief priests and the teachers of the law, and he must be killed and on the third day be raised to life.” Then he said to them all: “Whoever wants to be my disciple must deny themselves and take up their cross daily and follow me. For whoever wants to save their life will lose it, but whoever loses their life for me will save it. What good is it for someone to gain the whole world, and yet lose or forfeit their very self? Whoever is ashamed of me and my words, the Son of Man will be ashamed of them when he comes in his glory and in the glory of the Father and of the holy angels. “Truly I tell you, some who are standing here will not taste death before they see the kingdom of God.” About eight days after Jesus said this, he took Peter, John and James with him and went up onto a mountain to pray. As he was praying, the appearance of his face changed, and his clothes became as bright as a flash of lightning. Two men, Moses and Elijah, appeared in glorious splendor, talking with Jesus. They spoke about his departure, which he was about to bring to fulfillment at Jerusalem. Peter and his companions were very sleepy, but when they became fully awake, they saw his glory and the two men standing with him. As the men were leaving Jesus, Peter said to him, “Master, it is good for us to be here. Let us put up three shelters—one for you, one for Moses and one for Elijah.” (He did not know what he was saying.) While he was speaking, a cloud appeared and covered them, and they were afraid as they entered the cloud. A voice came from the cloud, saying, “This is my Son, whom I have chosen; listen to him.” When the voice had spoken, they found that Jesus was alone. The disciples kept this to themselves and did not tell anyone at that time what they had seen. The next day, when they came down from the mountain, a large crowd met him. A man in the crowd called out, “Teacher, I beg you to look at my son, for he is my only child. A spirit seizes him and he suddenly screams; it throws him into convulsions so that he foams at the mouth. It scarcely ever leaves him and is destroying him. I begged your disciples to drive it out, but they could not.” “You unbelieving and perverse generation,” Jesus replied, “how long shall I stay with you and put up with you? Bring your son here.” Even while the boy was coming, the demon threw him to the ground in a convulsion. But Jesus rebuked the impure spirit, healed the boy and gave him back to his father. And they were all amazed at the greatness of God. While everyone was marveling at all that Jesus did, he said to his disciples, “Listen carefully to what I am about to tell you: The Son of Man is going to be delivered into the hands of men.” But they did not understand what this meant. It was hidden from them, so that they did not grasp it, and they were afraid to ask him about it. An argument started among the disciples as to which of them would be the greatest. Jesus, knowing their thoughts, took a little child and had him stand beside him. Then he said to them, “Whoever welcomes this little child in my name welcomes me; and whoever welcomes me welcomes the one who sent me. For it is the one who is least among you all who is the greatest.” “Master,” said John, “we saw someone driving out demons in your name and we tried to stop him, because he is not one of us.” “Do not stop him,” Jesus said, “for whoever is not against you is for you.”

Pataje
Li Lik 9

Lik 9:1-50 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus réunit les Douze et leur donna le pouvoir et l’autorité de chasser tous les démons et de guérir les maladies. Ensuite il les envoya proclamer le royaume de Dieu et opérer des guérisons. Il leur donna les instructions suivantes : Ne prenez rien pour le voyage : ni bâton, ni sac, ni provisions, ni argent. N’emportez pas de tunique de rechange. Si vous entrez dans une maison, restez-y jusqu’à ce que vous quittiez la localité. Si personne ne veut vous recevoir, quittez la ville en secouant la poussière de vos pieds: cela constituera un témoignage contre eux. Ainsi les disciples partirent. Ils allaient de village en village. Partout, ils annonçaient la Bonne Nouvelle de l’Evangile et guérissaient les malades. Hérode, le gouverneur de la province, apprit tout ce qui se passait. Il était embarrassé. En effet, certains disaient : C’est Jean-Baptiste qui est ressuscité ! D’autres disaient : C’est Elie qui a reparu. D’autres encore : C’est un des prophètes d’autrefois qui est revenu à la vie. Mais Hérode se disait : Jean ? Je l’ai moi-même fait décapiter. Mais alors, qui est cet homme dont j’entends dire de si grandes choses ? Et il cherchait à le rencontrer. Les apôtres revinrent et racontèrent à Jésus tout ce qu’ils avaient fait. Il les prit alors avec lui et se retira à l’écart, du côté de la ville de Bethsaïda. Mais les foules s’en aperçurent et le suivirent. Jésus leur fit bon accueil, il leur parla du royaume de Dieu et guérit ceux qui en avaient besoin. Le jour commençait à baisser. Alors les Douze s’approchèrent de lui et lui dirent : Renvoie ces gens pour qu’ils aillent dans les villages et les hameaux des environs, où ils trouveront de quoi se loger et se ravitailler, car nous sommes ici dans un endroit désert. Mais Jésus leur dit : Donnez-leur vous-mêmes à manger ! – Mais, répondirent-ils, nous n’avons pas plus de cinq pains et deux poissons. Ou alors faut-il que nous allions acheter de la nourriture pour tout ce monde ? Car il y avait bien là cinq mille hommes. Jésus dit à ses disciples : Faites-les asseoir par groupes d’une cinquantaine de personnes. C’est ce qu’ils firent, et ils installèrent ainsi tout le monde. Alors Jésus prit les cinq pains et les deux poissons, il leva les yeux vers le ciel et prononça la prière de bénédiction ; puis il les partagea et donna les morceaux à ses disciples pour qu’ils les distribuent à la foule. Tout le monde mangea à satiété. On ramassa les morceaux qui restaient ; cela faisait douze paniers. Un jour, Jésus priait à l’écart, et ses disciples étaient avec lui. Alors il les interrogea : Que disent les foules à mon sujet ? Qui suis-je d’après elles ? Ils lui répondirent : Pour les uns, tu es Jean-Baptiste ; pour d’autres, Elie ; pour d’autres encore, l’un des prophètes d’autrefois qui serait ressuscité. – Et vous, leur demanda-t-il, qui dites-vous que je suis ? Pierre prit la parole et dit : Le Messie, envoyé par Dieu. Jésus leur ordonna formellement de ne le dire à personne. Et il ajouta : Il faut que le Fils de l’homme souffre beaucoup et soit rejeté par les responsables du peuple, les chefs des prêtres et les spécialistes de la Loi  ; il doit être mis à mort et ressusciter le troisième jour. Puis, s’adressant à tous, il dit : Si quelqu’un veut me suivre, qu’il renonce à lui-même, qu’il se charge chaque jour de sa croix, et qu’il me suive. En effet, celui qui est préoccupé de sauver sa vie, la perdra ; mais celui qui perdra sa vie à cause de moi la sauvera. Si un homme parvient à posséder le monde entier, à quoi cela lui sert-il s’il se perd ou se détruit lui-même ? Si quelqu’un a honte de moi et de mes paroles, le Fils de l’homme, à son tour, aura honte de lui quand il viendra dans sa gloire, dans celle du Père et des saints anges. Je vous l’assure, quelques-uns de ceux qui sont ici présents ne mourront pas avant d’avoir vu le règne de Dieu. Environ huit jours après cet entretien, Jésus prit avec lui Pierre, Jean et Jacques et monta sur une montagne pour aller prier. Pendant qu’il priait, son visage changea d’aspect et ses vêtements devinrent d’une blancheur éblouissante. Deux hommes s’entretenaient avec lui : Moïse et Elie qui resplendissaient de gloire. Ils parlaient de la manière dont Jésus allait achever sa mission en mourant à Jérusalem. Pierre et ses compagnons étaient profondément endormis, mais quand ils s’éveillèrent, ils virent la gloire de Jésus et les deux hommes qui étaient avec lui. Au moment où ces hommes se séparaient de Jésus, Pierre lui dit : Maître, il est bon que nous soyons ici. Nous allons dresser trois tentes, une pour toi, une pour Moïse et une pour Elie. En fait, il ne savait pas ce qu’il disait. Pendant qu’il parlait encore, une nuée se forma et les enveloppa, et les disciples furent saisis de crainte lorsqu’ils entrèrent dans la nuée. Une voix sortit de la nuée, qui disait : Celui-ci est mon Fils, celui que j’ai choisi. Ecoutez-le ! Quand cette voix eut retenti, ils ne trouvèrent plus que Jésus. Quant à eux, à cette époque, ils gardèrent le silence sur cet événement et ne racontèrent à personne ce qu’ils avaient vu. Le lendemain, comme ils descendaient de la montagne, une grande foule vint à la rencontre de Jésus. Du milieu de cette foule, un homme s’écria : Maître, je t’en supplie : regarde mon fils ! C’est mon enfant unique. Un esprit s’empare de lui, le fait crier tout à coup, l’agite convulsivement et le fait baver ; et il ne le quitte que difficilement, en le laissant tout meurtri. J’ai prié tes disciples de le chasser, mais ils n’y ont pas réussi. Jésus s’exclama alors : Gens incrédules et infidèles à Dieu ! Jusqu’à quand devrai-je encore rester avec vous et vous supporter ? Puis, s’adressant à l’homme : Amène ton fils ici ! Pendant que l’enfant s’approchait, le démon le jeta par terre et l’agita de convulsions. Jésus commanda avec sévérité à l’esprit mauvais de sortir, il guérit le jeune garçon et le rendit à son père. Tous furent bouleversés devant la grandeur de Dieu. Alors que chacun s’émerveillait encore de tout ce que Jésus faisait, il dit à ses disciples : Retenez bien ce que je vais vous dire maintenant : le Fils de l’homme va être livré aux mains des hommes. Mais les disciples ne comprenaient pas cette parole. Son sens leur était caché pour qu’ils ne la saisissent pas. Et ils avaient peur de demander des explications à Jésus. Il s’éleva entre eux une discussion : il s’agissait de savoir lequel était le plus grand parmi eux. Jésus, qui connaissait les pensées qu’ils avaient dans leur cœur, prit un petit enfant par la main, le plaça à côté de lui et leur dit : Celui qui accueille cet enfant en mon nom m’accueille moi-même, et celui qui m’accueille, accueille aussi celui qui m’a envoyé. Car celui qui est le plus petit parmi vous, c’est celui-là qui est grand. Jean prit la parole et dit : Maître, nous avons vu quelqu’un qui chassait les démons en ton nom, et nous lui avons dit de ne plus le faire, parce qu’il ne te suit pas avec nous. – Ne l’en empêchez pas, lui répondit Jésus, car celui qui n’est pas contre vous est pour vous.

Pataje
Li Lik 9

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an