Lik 8:26-39

Lik 8:26-39 HAT98

Yo fè tè nan peyi Jerazenyen yo ki lòt bò letan an, vizavi ak Galile. Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l: nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pat janm vle mete rad sou li, ni li pat vle rete nan okenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. Lè l wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: — Kisa m gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m soufri. Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li sòti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l ak tou de pye l ak chenn pou l pat kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l ale nan dezè. Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn: — Yo rele m Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. Lespri yo t'ap mande Jezi: — Tanpri souple, pa voye n ale nan gwo twou san fon an. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: — Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y'al neye tèt yo nan letan an. Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sa k te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun sòti pou y'al wè sa k te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te sòti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri. Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou l'al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l ale. Nonm ki te gen move lespri sòti sou li a mande l pou l'ale avèk li tou. Men, Jezi voye l ale, li di li: — Tounen lakay ou. Al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la.

Video for Lik 8:26-39