Lik 7:36-50

Lik 7:36-50 HAT98

Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an. Li chita bò tab la pou l manje. Nan vil sa a, te gen yon fanm movèzvi. Lè manmzèl pran nouvèl Jezi t'ap manje kay farizyen an, li pote yon boutèy losyon gwo pri. Li mete kò l dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap sòti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l, li bo yo, epi li vide odè sou yo. Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l: Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen. Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l konsa: — Simon, mwen gen kichòy pou m di ou. Simon reponn li: — Mèt, ou mèt pale wi. Jezi di li: — Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan. Premye a te dwe l senksan (500) goud. Lòt la te dwe l senkant goud. Ni yonn ni lòt pat gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l plis? Simon reponn li: — Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l plis la. Jezi di l: — Ou byen reponn. Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: — Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m dlo pou m lave pye m. Men li menm, li lave pye m ak dlo ki sòti nan je l. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Ou pa te ban m' akolad lè mwen rive lakay ou. Men li menm, depi m'antre la a, se bo l'ap bo pye mwen. Ou pa vide lwil sou tèt mwen. Men li menm, li vide odè sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l renmen tou. Apre sa, Jezi di fanm lan: — Peche ou yo padonnen. Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: — Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? Men Jezi di fanm lan: — Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 7:36-50

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an