Lik 7:36-50

Lik 7:36-50 1998 Haïtienne (HAT98)

Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an. Li chita bò tab la pou l manje. Nan vil sa a, te gen yon fanm movèzvi. Lè manmzèl pran nouvèl Jezi t'ap manje kay farizyen an, li pote yon boutèy losyon gwo pri. Li mete kò l dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap sòti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l, li bo yo, epi li vide odè sou yo. Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l: Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen. Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l konsa: — Simon, mwen gen kichòy pou m di ou. Simon reponn li: — Mèt, ou mèt pale wi. Jezi di li: — Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan. Premye a te dwe l senksan (500) goud. Lòt la te dwe l senkant goud. Ni yonn ni lòt pat gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l plis? Simon reponn li: — Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l plis la. Jezi di l: — Ou byen reponn. Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: — Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m dlo pou m lave pye m. Men li menm, li lave pye m ak dlo ki sòti nan je l. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Ou pa te ban m' akolad lè mwen rive lakay ou. Men li menm, depi m'antre la a, se bo l'ap bo pye mwen. Ou pa vide lwil sou tèt mwen. Men li menm, li vide odè sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l renmen tou. Apre sa, Jezi di fanm lan: — Peche ou yo padonnen. Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: — Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? Men Jezi di fanm lan: — Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:36-50 New International Version (NIV)

When one of the Pharisees invited Jesus to have dinner with him, he went to the Pharisee’s house and reclined at the table. A woman in that town who lived a sinful life learned that Jesus was eating at the Pharisee’s house, so she came there with an alabaster jar of perfume. As she stood behind him at his feet weeping, she began to wet his feet with her tears. Then she wiped them with her hair, kissed them and poured perfume on them. When the Pharisee who had invited him saw this, he said to himself, “If this man were a prophet, he would know who is touching him and what kind of woman she is—that she is a sinner.” Jesus answered him, “Simon, I have something to tell you.” “Tell me, teacher,” he said. “Two people owed money to a certain moneylender. One owed him five hundred denarii, and the other fifty. Neither of them had the money to pay him back, so he forgave the debts of both. Now which of them will love him more?” Simon replied, “I suppose the one who had the bigger debt forgiven.” “You have judged correctly,” Jesus said. Then he turned toward the woman and said to Simon, “Do you see this woman? I came into your house. You did not give me any water for my feet, but she wet my feet with her tears and wiped them with her hair. You did not give me a kiss, but this woman, from the time I entered, has not stopped kissing my feet. You did not put oil on my head, but she has poured perfume on my feet. Therefore, I tell you, her many sins have been forgiven—as her great love has shown. But whoever has been forgiven little loves little.” Then Jesus said to her, “Your sins are forgiven.” The other guests began to say among themselves, “Who is this who even forgives sins?” Jesus said to the woman, “Your faith has saved you; go in peace.”

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:36-50 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un Pharisien invite Jésus à manger avec lui. Jésus entre dans la maison du Pharisien et il se met à table. À ce moment-là, une femme de la ville arrive, c’est une prostituée. Elle a appris que Jésus est dans la maison du Pharisien. Elle apporte un très beau vase, plein de parfum, et elle se place derrière Jésus, à ses pieds. Elle pleure. Elle se met à mouiller les pieds de Jésus avec ses larmes. Ensuite, elle les essuie avec ses cheveux, elle les embrasse et elle verse du parfum dessus. Le Pharisien qui a invité Jésus voit cela. Il se dit : « Cet homme n’est sûrement pas un prophète ! En effet, la femme qui le touche est une prostituée, et il ne le sait pas ! » Alors Jésus dit au Pharisien : « Simon, j’ai quelque chose à te dire. » Le Pharisien répond : « Parle, maître. » Jésus dit : « Quelqu’un a prêté de l’argent à deux hommes. L’un des deux lui doit 500 pièces d’argent, et l’autre 50, mais ils ne peuvent pas rembourser. Alors celui qui a prêté l’argent supprime leur dette à tous les deux. Quel est celui qui l’aimera le plus ? » Simon répond : « À mon avis, c’est celui à qui il a supprimé la plus grosse dette. » Jésus lui dit : « Tu as raison. » Puis il se tourne vers la femme, et il dit à Simon : « Tu vois cette femme ? Je suis entré dans ta maison, et tu ne m’as pas versé d’eau sur les pieds. Mais elle, elle m’a mouillé les pieds avec ses larmes et elle les a essuyés avec ses cheveux. Tu ne m’as pas embrassé, mais elle, depuis qu’elle est entrée, elle m’embrasse sans cesse les pieds. Tu n’as pas versé de parfum sur ma tête, mais elle, elle a versé du parfum sur mes pieds. C’est pourquoi je te dis une chose : ses nombreux péchés sont pardonnés, et c’est pour cela qu’elle a montré beaucoup d’amour. Mais celui à qui on pardonne peu montre peu d’amour. » Et Jésus dit à la femme : « Tes péchés sont pardonnés. » Ceux qui mangent avec lui se mettent à penser : « Qui est cet homme ? Il ose même pardonner les péchés ! » Mais Jésus dit à la femme : « Ta foi t’a sauvée. Va en paix ! »

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:36-50 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Youn nan Farizyen yo te mande Jezi pou vin manje ak li. Jezi antre lakay Farizyen an epi li pran plas li bò tab la pou l manje. Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè. Boutèy la te plen pafen. Li mete kò l yon jan pa dèyè bò pye Jezi epi li t ap kriye. Li mouye pye Jezi ak dlo je li epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li tonbe bo pye Jezi epi li vide pafen an sou pye yo. Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.” Jezi reponn Farizyen an, li di li: “Simon, kite m di w yon bagay.” Simon di li: “Pale non, Mèt.” Jezi di: “Te gen de moun ki te dwe yon bankye lajan. Youn te dwe senk san (500) goud epi lòt la te dwe senkant (50) goud. Toulede mesye yo pa t gen mwayen ditou pou peye dèt yo. Bankye a te fè pa yo. Li efase dèt yo. Ki lès nan de mesye sa yo ou panse k ap renmen bankye a plis?” Simon reponn: “M panse se moun li efase pi gwo dèt la pou li a.” Jezi di li: “Ou byen reponn.” Apre sa Jezi vire gade fi a, epi li di Simon konsa: “Ou wè dam sa a? M te antre lakay ou, ou pa t banm dlo pou m lave pye m; men li menm, li lave pye m ak dlo je li epi li siye yo ak cheve li. Ou pa t bo m; men li menm, depi mwen antre la a, li pa sispann bo pye m. Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide pafen santi bon sou pye m. Se poutèt sa, mwen di ou, peche l yo ki anpil vre jwenn padon. Se sa k fè li fè tout bagay sa yo pou montre jan li renmen anpil. Moun yo padone ti kras ap renmen yon ti kras tou.” Apre sa Jezi di li: “Peche w yo padone!” Lè sa a, moun yo ki te chita bò tab la kòmanse di youn lòt: “Ki lès nonm sa a panse l ye menm pou l ta padone peche moun?” Jezi di fi a konsa: “Poutèt ou kwè, ou delivre anba peche w yo. Ale ak lapè.”

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:36-50 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Un pharisien invita Jésus à manger. Jésus se rendit chez lui et se mit à table. Survint une femme connue dans la ville pour sa vie dissolue. Comme elle avait appris que Jésus mangeait chez le pharisien, elle avait apporté un flacon d’albâtre rempli de parfum. Elle se tint derrière lui, à ses pieds. Elle pleurait ; elle se mit à mouiller de ses larmes les pieds de Jésus ; alors elle les essuya avec ses cheveux et, en les embrassant, elle versait le parfum sur eux. En voyant cela, le pharisien qui l’avait invité se dit : Si cet homme était vraiment un prophète, il saurait quelle est cette femme qui le touche, que c’est quelqu’un qui mène une vie dissolue. Jésus lui répondit à haute voix : Simon, j’ai quelque chose à te dire. – Oui, Maître, parle, répondit le pharisien. – Il était une fois un prêteur à qui deux hommes devaient de l’argent. Le premier devait cinq cents pièces d’argent ; le second cinquante. Comme ni l’un ni l’autre n’avaient de quoi rembourser leur dette, il fit cadeau à tous deux de ce qu’ils lui devaient. A ton avis, lequel des deux l’aimera le plus ? Simon répondit : Celui, je suppose, auquel il aura remis la plus grosse dette. – Voilà qui est bien jugé, lui dit Jésus. Puis, se tournant vers la femme, il reprit : Tu vois cette femme ? Eh bien, quand je suis entré dans ta maison, tu ne m’as pas apporté d’eau pour me laver les pieds; mais elle, elle me les a arrosés de ses larmes et les a essuyés avec ses cheveux. Tu ne m’as pas accueilli en m’embrassant, mais elle, depuis que je suis entré, elle n’a cessé de couvrir mes pieds de baisers. Tu n’as pas versé d’huile parfumée sur ma tête, mais elle, elle a versé du parfum sur mes pieds. C’est pourquoi je te le dis : ses nombreux péchés lui ont été pardonnés, c’est pour cela qu’elle m’a témoigné tant d’amour. Mais celui qui a eu peu de choses à se faire pardonner ne manifeste que peu d’amour ! Puis il dit à la femme : Tes péchés te sont pardonnés. Les autres invités se dirent en eux-mêmes : « Qui est donc cet homme qui ose pardonner les péchés ? » Mais Jésus dit à la femme : Parce que tu as cru en moi, tu es sauvée  ; va en paix.

Pataje
Li Lik 7

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an