Lik 7:1-50

Lik 7:1-50 HAT98

Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, l'ale lavil Kapènawòm. Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l malad prèt pou mouri. Kaptenn lan tande pale sou Jezi. Se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l vin geri domestik li a. Yo rive bò kote Jezi, yo di li: — Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. Se li ki te bati sinagòg la pou nou. Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l konsa: — Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pat kwè m ase bon pou m te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m di yonn: Ale! l ale. Lè m di yon lòt: Vini! li vini. Lè m di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: — M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri. Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l ansanm ak yon gwo foul moun. Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. Lè Jezi wè vèv la, kè l fè l mal pou li, li di li: — Pa kriye, tande! Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: — Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li konmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li. Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: — Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: — Bondye vin sove pèp li a. Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinay la. Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis. Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kote Jezi al mande li: — Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Lè mesye sa yo rive bò kote Jezi, yo di li: — Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò. Apre sa, li reponn moun Janbatis te voye yo konsa: — Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo pa bwete ankò, moun ki t'ap soufri ak lalèp yo geri, moun soud yo tande koulyeya, moun mouri resisite, pòv yo tande bonnouvèl la. Benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche. Lè moun Jan te voye yo al fè wout yo, Jezi konmanse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: — Kisa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van ap balanse? Non. Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo. Men, manyè di m kisa nou t'al wè? Yon pwofèt? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m'ap voye mesaje m lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou. M'ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè, pa gen yonn ki pi konsekan pase Janbatis. Men moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a, li pi konsekan pase li toujou. Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo. Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo. Se sa k fè yo pat kite Jan Batis batize yo. Jezi di yo ankò: — Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele lòt pou di: Nou jwe mizik cho pou nou, nou pa danse. Nou chante chante tris, nou pa kriye. Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li. Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l konnen. Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye. Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon. Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an. Li chita bò tab la pou l manje. Nan vil sa a, te gen yon fanm movèzvi. Lè manmzèl pran nouvèl Jezi t'ap manje kay farizyen an, li pote yon boutèy losyon gwo pri. Li mete kò l dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap sòti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l, li bo yo, epi li vide odè sou yo. Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l: Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen. Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l konsa: — Simon, mwen gen kichòy pou m di ou. Simon reponn li: — Mèt, ou mèt pale wi. Jezi di li: — Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan. Premye a te dwe l senksan (500) goud. Lòt la te dwe l senkant goud. Ni yonn ni lòt pat gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l plis? Simon reponn li: — Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l plis la. Jezi di l: — Ou byen reponn. Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: — Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m dlo pou m lave pye m. Men li menm, li lave pye m ak dlo ki sòti nan je l. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Ou pa te ban m' akolad lè mwen rive lakay ou. Men li menm, depi m'antre la a, se bo l'ap bo pye mwen. Ou pa vide lwil sou tèt mwen. Men li menm, li vide odè sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l renmen tou. Apre sa, Jezi di fanm lan: — Peche ou yo padonnen. Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: — Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? Men Jezi di fanm lan: — Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an