Lik 7:1-50

Lik 7:1-50 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, l'ale lavil Kapènawòm. Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l malad prèt pou mouri. Kaptenn lan tande pale sou Jezi. Se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l vin geri domestik li a. Yo rive bò kote Jezi, yo di li: — Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. Se li ki te bati sinagòg la pou nou. Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l konsa: — Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pat kwè m ase bon pou m te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m di yonn: Ale! l ale. Lè m di yon lòt: Vini! li vini. Lè m di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: — M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri. Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l ansanm ak yon gwo foul moun. Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. Lè Jezi wè vèv la, kè l fè l mal pou li, li di li: — Pa kriye, tande! Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: — Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li konmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li. Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: — Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: — Bondye vin sove pèp li a. Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinay la. Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis. Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kote Jezi al mande li: — Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Lè mesye sa yo rive bò kote Jezi, yo di li: — Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò. Apre sa, li reponn moun Janbatis te voye yo konsa: — Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo pa bwete ankò, moun ki t'ap soufri ak lalèp yo geri, moun soud yo tande koulyeya, moun mouri resisite, pòv yo tande bonnouvèl la. Benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche. Lè moun Jan te voye yo al fè wout yo, Jezi konmanse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: — Kisa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van ap balanse? Non. Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo. Men, manyè di m kisa nou t'al wè? Yon pwofèt? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m'ap voye mesaje m lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou. M'ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè, pa gen yonn ki pi konsekan pase Janbatis. Men moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a, li pi konsekan pase li toujou. Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo. Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo. Se sa k fè yo pat kite Jan Batis batize yo. Jezi di yo ankò: — Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele lòt pou di: Nou jwe mizik cho pou nou, nou pa danse. Nou chante chante tris, nou pa kriye. Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li. Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l konnen. Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye. Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon. Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an. Li chita bò tab la pou l manje. Nan vil sa a, te gen yon fanm movèzvi. Lè manmzèl pran nouvèl Jezi t'ap manje kay farizyen an, li pote yon boutèy losyon gwo pri. Li mete kò l dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap sòti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l, li bo yo, epi li vide odè sou yo. Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l: Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen. Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l konsa: — Simon, mwen gen kichòy pou m di ou. Simon reponn li: — Mèt, ou mèt pale wi. Jezi di li: — Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan. Premye a te dwe l senksan (500) goud. Lòt la te dwe l senkant goud. Ni yonn ni lòt pat gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l plis? Simon reponn li: — Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l plis la. Jezi di l: — Ou byen reponn. Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: — Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m dlo pou m lave pye m. Men li menm, li lave pye m ak dlo ki sòti nan je l. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Ou pa te ban m' akolad lè mwen rive lakay ou. Men li menm, depi m'antre la a, se bo l'ap bo pye mwen. Ou pa vide lwil sou tèt mwen. Men li menm, li vide odè sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l renmen tou. Apre sa, Jezi di fanm lan: — Peche ou yo padonnen. Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: — Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? Men Jezi di fanm lan: — Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:1-50 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand Jésus a fini de dire tout cela aux gens, il entre dans la ville de Capernaüm. Là, il y a un officier de l’armée romaine. Cet officier a un serviteur très malade qui est mourant, et il l’aime beaucoup. Quand l’officier entend parler de Jésus, il envoie quelques anciens des Juifs pour lui demander : « Viens sauver mon serviteur ! » Les anciens arrivent auprès de Jésus, et ils le supplient en disant : « Cet homme mérite que tu fasses cela pour lui ! En effet, il aime notre peuple, et c’est lui qui a fait construire notre maison de prière. » Alors Jésus va avec les anciens. Il est presque arrivé à la maison. À ce moment-là, l’officier envoie des amis pour lui dire : « Seigneur, ne te dérange pas, je ne suis pas digne que tu entres chez moi. Voilà aussi pourquoi je n’ai pas osé venir moi-même vers toi. Mais dis seulement un mot, et mon serviteur sera guéri. Moi, j’obéis à un chef et je commande à des soldats. Je dis à l’un : “Va !” et il va. Je dis à un autre : “Viens !” et il vient. Je dis à mon serviteur : “Fais ceci !” et il le fait. » Quand Jésus entend cela, il admire l’officier. Il se retourne et dit à la foule qui le suit : « Je vous le dis, même dans le peuple d’Israël, je n’ai jamais trouvé une foi aussi grande. » Les amis que l’officier romain a envoyés retournent chez lui et ils trouvent le serviteur en bonne santé. Ensuite, Jésus va dans une ville appelée Naïn. Ses disciples et une grande foule marchent avec lui. Au moment où il arrive à l’entrée de la ville, on conduit un mort au cimetière. C’est le fils unique d’une veuve. Beaucoup de gens de la ville accompagnent cette femme. Quand le Seigneur la voit, il est plein de pitié pour elle et il lui dit : « Ne pleure pas. » Il s’avance et il touche le cercueil. Les porteurs s’arrêtent. Jésus dit : « Jeune homme, réveille-toi ! C’est un ordre ! » Alors le mort s’assoit et il se met à parler. Jésus le rend à sa mère. Tous les gens sont effrayés, ils disent : « Gloire à Dieu ! Un grand prophète est arrivé chez nous ! Dieu est venu au secours de son peuple ! » Dans toute la Judée et dans les environs, on raconte ce que Jésus a fait. Les disciples de Jean vont raconter toutes ces choses à leur maître. Alors Jean appelle deux de ses disciples. Il les envoie vers le Seigneur pour lui demander : « Est-ce que tu es le Messie qui doit venir ? Ou bien devons-nous en attendre un autre ? » Les disciples arrivent auprès de Jésus et lui disent : « Jean-Baptiste nous a envoyés vers toi pour te demander : “Est-ce que tu es le Messie qui doit venir ? Ou bien devons-nous en attendre un autre ?” » À ce moment-là, Jésus guérit beaucoup de malades, d’infirmes et de gens qui ont des esprits mauvais, et il donne la vue à beaucoup d’aveugles. Ensuite, il répond aux disciples de Jean : « Allez raconter à Jean ce que vous avez vu et entendu : les aveugles voient clair, les boiteux marchent bien, les lépreux sont guéris, les sourds entendent, les morts se réveillent, les pauvres reçoivent la Bonne Nouvelle. Il est heureux, celui qui ne refuse pas de croire en moi ! » Les disciples envoyés par Jean repartent, et Jésus se met à parler de Jean aux foules qui sont là. Il leur dit : « Qu’est-ce que vous êtes allés regarder dans le désert ? Un roseau secoué par le vent ? Non ! Alors, qu’est-ce que vous êtes allés voir ? Un homme habillé de vêtements élégants ? Mais ceux qui ont de beaux vêtements et qui vivent dans la richesse habitent dans les palais des rois ! Qu’est-ce que vous êtes allés voir ? Un prophète ? Oui, je vous le dis, et même plus qu’un prophète ! En effet, Jean est celui que les Livres Saints annoncent quand Dieu dit : “Je vais envoyer mon messager devant toi. Il préparera le chemin pour toi .” » Jésus ajoute : « Je vous le dis : il n’y a jamais eu un homme plus important que Jean. Pourtant, celui qui est le plus petit dans le Royaume de Dieu est plus important que lui. Tout le monde a écouté Jean, même les employés des impôts. Ils ont dit : “Dieu veut nous sauver !”, et ils ont demandé le baptême de Jean. Mais les Pharisiens et les maîtres de la loi ont refusé ce que Dieu voulait pour eux, ils n’ont pas voulu du baptême de Jean. » Jésus dit encore : « À qui est-ce que je vais comparer les gens d’aujourd’hui ? À qui ressemblent-ils ? Ils ressemblent à des enfants assis sur la place du village. Les uns crient aux autres : “Pour vous, nous avons joué un air de flûte, mais vous n’avez pas dansé ! Nous avons chanté un chant de funérailles, mais vous n’avez pas pleuré !” En effet, Jean-Baptiste est venu, il ne mange pas de pain, il ne boit pas de vin, et vous dites : “Il est fou !” Le Fils de l’homme est venu, il mange et il boit, et vous dites : “Regardez ! Cet homme pense seulement à manger et à boire ! Il est l’ami des pécheurs et des employés des impôts !” Mais tous ceux qui acceptent la sagesse de Dieu reconnaissent qu’elle agit bien. » Un Pharisien invite Jésus à manger avec lui. Jésus entre dans la maison du Pharisien et il se met à table. À ce moment-là, une femme de la ville arrive, c’est une prostituée. Elle a appris que Jésus est dans la maison du Pharisien. Elle apporte un très beau vase, plein de parfum, et elle se place derrière Jésus, à ses pieds. Elle pleure. Elle se met à mouiller les pieds de Jésus avec ses larmes. Ensuite, elle les essuie avec ses cheveux, elle les embrasse et elle verse du parfum dessus. Le Pharisien qui a invité Jésus voit cela. Il se dit : « Cet homme n’est sûrement pas un prophète ! En effet, la femme qui le touche est une prostituée, et il ne le sait pas ! » Alors Jésus dit au Pharisien : « Simon, j’ai quelque chose à te dire. » Le Pharisien répond : « Parle, maître. » Jésus dit : « Quelqu’un a prêté de l’argent à deux hommes. L’un des deux lui doit 500 pièces d’argent, et l’autre 50, mais ils ne peuvent pas rembourser. Alors celui qui a prêté l’argent supprime leur dette à tous les deux. Quel est celui qui l’aimera le plus ? » Simon répond : « À mon avis, c’est celui à qui il a supprimé la plus grosse dette. » Jésus lui dit : « Tu as raison. » Puis il se tourne vers la femme, et il dit à Simon : « Tu vois cette femme ? Je suis entré dans ta maison, et tu ne m’as pas versé d’eau sur les pieds. Mais elle, elle m’a mouillé les pieds avec ses larmes et elle les a essuyés avec ses cheveux. Tu ne m’as pas embrassé, mais elle, depuis qu’elle est entrée, elle m’embrasse sans cesse les pieds. Tu n’as pas versé de parfum sur ma tête, mais elle, elle a versé du parfum sur mes pieds. C’est pourquoi je te dis une chose : ses nombreux péchés sont pardonnés, et c’est pour cela qu’elle a montré beaucoup d’amour. Mais celui à qui on pardonne peu montre peu d’amour. » Et Jésus dit à la femme : « Tes péchés sont pardonnés. » Ceux qui mangent avec lui se mettent à penser : « Qui est cet homme ? Il ose même pardonner les péchés ! » Mais Jésus dit à la femme : « Ta foi t’a sauvée. Va en paix ! »

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:1-50 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè Jezi fin di pèp la tout pawòl li te gen pou di yo, li antre nan vil Kapènawòm. Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri. Lè chèf la te tande pale de Jezi, li voye kèk nan lidè Jwif yo al mande Jezi pou l vin geri esklav la pou li. Lè mesye yo te rive kote Jezi, yo sipliye li pou l fè sa pou chèf la. Yo di li, “Li merite sa.” Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou. Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn: Ale, li ale. Lè m di yon lòt: Vini, li vini. Lè m di sèvitè m: Fè tèl bagay, li fè l.” Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.” Lè moun chèf la te voye kot Jezi yo retounen lakay, yo jwenn sèvitè a geri. Nan demen, Jezi t ap vwayaje ale nan yon vil yo rele Nayin. Disip li yo ansanm ak yon gwo foul t ap vwayaje ansanm ak li. Etan l ap rive nan pòt lavil la, Jezi wè y ap pote yon kadav, sèl pitit gason vèv la te genyen. Anpil moun lavil la te akonpanye madanm nan ak kadav la. Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.” Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!” Menm kote a, jèn nonm ki te mouri a leve chita epi li kòmanse pale. Jezi remèt li bay manman li. Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.” Nouvèl la te gaye nan tout teritwa Jide a ak nan tout rejyon ozalantou yo. Disip Janbatis te rakonte l tout bagay sa yo tou. Konsa, li rele de nan disip li yo. Li voye yo al poze Senyè a kesyon sa a: “Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?” Mesye yo vini kote Jezi epi yo di li: “Janbatis voye nou vin poze w kesyon sa a: Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?” Lè sa Jezi t ap geri anpil malad ansanm ak anpil moun enfim. Li t ap chase move lespri epi li t ap fè anpil avèg wè ankò. Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande. Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud yo tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!” Pandan mesaje Janbatis yo t aprale, Jezi kòmanse pale ak foul la konsènan Janbatis. “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? Nou konnen byen moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè yo se nan palè nou jwenn yo. Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. Men sa ki ekri nan Bib la sou li: Men m ap voye mesaje m nan devan w. L ap prepare chemen an devan w. M ap di nou sa: Nan pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis.” Tout moun ki te resevwa batèm Janbatis la te rekonèt plan Bondye a te bon, lè yo te tande ansèyman Jezi yo. Menm pèseptè kontribisyon yo te rekonèt epi resevwa batèm Janbatis la. Men, Farizyen ansanm ak doktè lalwa yo te derefize aksepte plan Bondye pou yo. Yo pa t dakò resevwa batèm Janbatis la. “A kisa m te ka konpare moun k ap viv nan tan alèkile yo? A kisa yo sanble menm? Yo tankou yon bann timoun ki chita sou plas piblik k ap rele youn lòt pou di: Nou jwe mizik ak flit pou nou, nou pa danse. Nou chante chan ki tris pou nou, nou pa kriye. Janbatis vini li pa ni manje pen ni li pa bwè diven, nou di li gen yon denmon sou li. Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun movèz repitasyon. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan pitit li yo.” Youn nan Farizyen yo te mande Jezi pou vin manje ak li. Jezi antre lakay Farizyen an epi li pran plas li bò tab la pou l manje. Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè. Boutèy la te plen pafen. Li mete kò l yon jan pa dèyè bò pye Jezi epi li t ap kriye. Li mouye pye Jezi ak dlo je li epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li tonbe bo pye Jezi epi li vide pafen an sou pye yo. Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.” Jezi reponn Farizyen an, li di li: “Simon, kite m di w yon bagay.” Simon di li: “Pale non, Mèt.” Jezi di: “Te gen de moun ki te dwe yon bankye lajan. Youn te dwe senk san (500) goud epi lòt la te dwe senkant (50) goud. Toulede mesye yo pa t gen mwayen ditou pou peye dèt yo. Bankye a te fè pa yo. Li efase dèt yo. Ki lès nan de mesye sa yo ou panse k ap renmen bankye a plis?” Simon reponn: “M panse se moun li efase pi gwo dèt la pou li a.” Jezi di li: “Ou byen reponn.” Apre sa Jezi vire gade fi a, epi li di Simon konsa: “Ou wè dam sa a? M te antre lakay ou, ou pa t banm dlo pou m lave pye m; men li menm, li lave pye m ak dlo je li epi li siye yo ak cheve li. Ou pa t bo m; men li menm, depi mwen antre la a, li pa sispann bo pye m. Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide pafen santi bon sou pye m. Se poutèt sa, mwen di ou, peche l yo ki anpil vre jwenn padon. Se sa k fè li fè tout bagay sa yo pou montre jan li renmen anpil. Moun yo padone ti kras ap renmen yon ti kras tou.” Apre sa Jezi di li: “Peche w yo padone!” Lè sa a, moun yo ki te chita bò tab la kòmanse di youn lòt: “Ki lès nonm sa a panse l ye menm pou l ta padone peche moun?” Jezi di fi a konsa: “Poutèt ou kwè, ou delivre anba peche w yo. Ale ak lapè.”

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:1-50 New International Version (NIV)

When Jesus had finished saying all this to the people who were listening, he entered Capernaum. There a centurion’s servant, whom his master valued highly, was sick and about to die. The centurion heard of Jesus and sent some elders of the Jews to him, asking him to come and heal his servant. When they came to Jesus, they pleaded earnestly with him, “This man deserves to have you do this, because he loves our nation and has built our synagogue.” So Jesus went with them. He was not far from the house when the centurion sent friends to say to him: “Lord, don’t trouble yourself, for I do not deserve to have you come under my roof. That is why I did not even consider myself worthy to come to you. But say the word, and my servant will be healed. For I myself am a man under authority, with soldiers under me. I tell this one, ‘Go,’ and he goes; and that one, ‘Come,’ and he comes. I say to my servant, ‘Do this,’ and he does it.” When Jesus heard this, he was amazed at him, and turning to the crowd following him, he said, “I tell you, I have not found such great faith even in Israel.” Then the men who had been sent returned to the house and found the servant well. Soon afterward, Jesus went to a town called Nain, and his disciples and a large crowd went along with him. As he approached the town gate, a dead person was being carried out—the only son of his mother, and she was a widow. And a large crowd from the town was with her. When the Lord saw her, his heart went out to her and he said, “Don’t cry.” Then he went up and touched the bier they were carrying him on, and the bearers stood still. He said, “Young man, I say to you, get up!” The dead man sat up and began to talk, and Jesus gave him back to his mother. They were all filled with awe and praised God. “A great prophet has appeared among us,” they said. “God has come to help his people.” This news about Jesus spread throughout Judea and the surrounding country. John’s disciples told him about all these things. Calling two of them, he sent them to the Lord to ask, “Are you the one who is to come, or should we expect someone else?” When the men came to Jesus, they said, “John the Baptist sent us to you to ask, ‘Are you the one who is to come, or should we expect someone else?’ ” At that very time Jesus cured many who had diseases, sicknesses and evil spirits, and gave sight to many who were blind. So he replied to the messengers, “Go back and report to John what you have seen and heard: The blind receive sight, the lame walk, those who have leprosy are cleansed, the deaf hear, the dead are raised, and the good news is proclaimed to the poor. Blessed is anyone who does not stumble on account of me.” After John’s messengers left, Jesus began to speak to the crowd about John: “What did you go out into the wilderness to see? A reed swayed by the wind? If not, what did you go out to see? A man dressed in fine clothes? No, those who wear expensive clothes and indulge in luxury are in palaces. But what did you go out to see? A prophet? Yes, I tell you, and more than a prophet. This is the one about whom it is written: “ ‘I will send my messenger ahead of you, who will prepare your way before you.’ I tell you, among those born of women there is no one greater than John; yet the one who is least in the kingdom of God is greater than he.” (All the people, even the tax collectors, when they heard Jesus’ words, acknowledged that God’s way was right, because they had been baptized by John. But the Pharisees and the experts in the law rejected God’s purpose for themselves, because they had not been baptized by John.) Jesus went on to say, “To what, then, can I compare the people of this generation? What are they like? They are like children sitting in the marketplace and calling out to each other: “ ‘We played the pipe for you, and you did not dance; we sang a dirge, and you did not cry.’ For John the Baptist came neither eating bread nor drinking wine, and you say, ‘He has a demon.’ The Son of Man came eating and drinking, and you say, ‘Here is a glutton and a drunkard, a friend of tax collectors and sinners.’ But wisdom is proved right by all her children.” When one of the Pharisees invited Jesus to have dinner with him, he went to the Pharisee’s house and reclined at the table. A woman in that town who lived a sinful life learned that Jesus was eating at the Pharisee’s house, so she came there with an alabaster jar of perfume. As she stood behind him at his feet weeping, she began to wet his feet with her tears. Then she wiped them with her hair, kissed them and poured perfume on them. When the Pharisee who had invited him saw this, he said to himself, “If this man were a prophet, he would know who is touching him and what kind of woman she is—that she is a sinner.” Jesus answered him, “Simon, I have something to tell you.” “Tell me, teacher,” he said. “Two people owed money to a certain moneylender. One owed him five hundred denarii, and the other fifty. Neither of them had the money to pay him back, so he forgave the debts of both. Now which of them will love him more?” Simon replied, “I suppose the one who had the bigger debt forgiven.” “You have judged correctly,” Jesus said. Then he turned toward the woman and said to Simon, “Do you see this woman? I came into your house. You did not give me any water for my feet, but she wet my feet with her tears and wiped them with her hair. You did not give me a kiss, but this woman, from the time I entered, has not stopped kissing my feet. You did not put oil on my head, but she has poured perfume on my feet. Therefore, I tell you, her many sins have been forgiven—as her great love has shown. But whoever has been forgiven little loves little.” Then Jesus said to her, “Your sins are forgiven.” The other guests began to say among themselves, “Who is this who even forgives sins?” Jesus said to the woman, “Your faith has saved you; go in peace.”

Pataje
Li Lik 7

Lik 7:1-50 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après avoir dit au peuple tout ce qu’il avait à lui dire, Jésus se rendit à Capernaüm. Un officier romain avait un esclave malade, qui était sur le point de mourir. Or, son maître tenait beaucoup à lui. Quand il entendit parler de Jésus, l’officier envoya auprès de lui quelques responsables juifs pour le supplier de venir guérir son esclave. Ils vinrent trouver Jésus et ils le prièrent instamment : Cet homme, disaient-ils, mérite vraiment que tu lui accordes cette faveur. En effet, il aime notre peuple : il a même fait bâtir notre synagogue à ses frais. Jésus partit avec eux. Il n’était plus qu’à une faible distance de la maison quand l’officier envoya des amis pour lui dire : Seigneur, ne te donne pas tant de peine, car je ne remplis pas les conditions pour te recevoir dans ma maison. C’est la raison pour laquelle je n’ai pas osé venir en personne te trouver. Mais, dis un mot et mon serviteur sera guéri. Car, moi-même, je suis un officier subalterne, mais j’ai des soldats sous mes ordres, et quand je dis à l’un : « Va ! », il va. Quand je dis à un autre : « Viens ! », il vient. Quand je dis à mon esclave : « Fais ceci ! », il le fait. En entendant ces paroles, Jésus fut rempli d’admiration pour cet officier : il se tourna vers la foule qui le suivait et dit : Je vous l’assure, nulle part en Israël, je n’ai trouvé une telle foi ! Les envoyés de l’officier s’en retournèrent alors à la maison où ils trouvèrent l’esclave en bonne santé. Ensuite, Jésus se rendit dans une ville appelée Naïn. Ses disciples et une grande foule l’accompagnaient. Comme il arrivait à la porte de la ville, il rencontra un convoi funèbre : on enterrait le fils unique d’une veuve. Beaucoup d’habitants de la ville suivaient le cortège. Le Seigneur vit la veuve et il fut pris de pitié pour elle ; il lui dit : Ne pleure pas ! Puis il s’approcha de la civière et posa sa main sur elle. Les porteurs s’arrêtèrent. – Jeune homme, dit-il, je te l’ordonne, lève-toi ! Le mort se redressa, s’assit et se mit à parler. Jésus le rendit à sa mère. Saisis d’une profonde crainte, tous les assistants louaient Dieu et disaient : Un grand prophète est apparu parmi nous ! Et ils ajoutaient : Dieu est venu prendre soin de son peuple ! Cette déclaration concernant Jésus se répandit dans toute la Judée et dans les régions environnantes. Jean fut informé par ses disciples de tout ce qui se passait. Il appela alors deux d’entre eux et les envoya auprès du Seigneur pour demander : Es-tu celui qui devait venir, ou bien devons-nous en attendre un autre ? Ces hommes se présentèrent à Jésus et lui dirent : C’est Jean-Baptiste qui nous envoie. Voici ce qu’il te fait demander : « Es-tu celui qui devait venir, ou bien devons-nous en attendre un autre ? » Or, au moment où ils arrivaient, Jésus guérit plusieurs personnes de diverses maladies et infirmités. Il délivra des gens qui étaient sous l’emprise d’esprits mauvais et rendit la vue à plusieurs aveugles. Il répondit alors aux envoyés : Retournez auprès de Jean et racontez-lui ce que vous avez vu et entendu : les aveugles voient, les paralysés marchent normalement, les lépreux sont purifiés, les sourds entendent, les morts ressuscitent, la Bonne Nouvelle est annoncée aux pauvres . Heureux celui qui ne perdra pas la foi à cause de moi ! Après le départ des messagers de Jean, Jésus saisit cette occasion pour parler de Jean à la foule : Qu’êtes-vous allés voir au désert ? Un roseau agité çà et là par le vent ? Qui donc êtes-vous allés voir ? Un homme habillé avec élégance ? Ceux qui portent des habits somptueux et qui vivent dans le luxe habitent les palais royaux. Mais qu’êtes-vous donc allés voir au désert ? Un prophète  ? Oui, assurément, et même bien plus qu’un prophète, c’est moi qui vous le dis. Car c’est celui dont il est écrit : J’enverrai mon messager devant toi, il te préparera le chemin . Je vous l’assure : parmi tous les hommes qui sont nés d’une femme, il n’y en a pas de plus grand que Jean. Et pourtant, le plus petit dans le royaume de Dieu est plus grand que lui. Tous les gens du peuple et tous les collecteurs d’impôts qui ont écouté le message de Jean et se sont fait baptiser par lui ont reconnu que Dieu est juste. Mais les pharisiens et les enseignants de la Loi, qui ont refusé de se faire baptiser par lui, ont rejeté la volonté de Dieu à leur égard. A qui donc pourrais-je comparer les gens de notre temps ? A qui ressemblent-ils ? Ils sont comme des enfants assis sur la place du marché qui se crient les uns aux autres : Quand nous avons joué de la flûte, vous n’avez pas dansé ! Et quand nous avons chanté des airs de deuil, vous ne vous êtes pas mis à pleurer ! En effet, Jean-Baptiste est venu, il ne mangeait pas de pain, il ne buvait pas de vin. Qu’avez-vous dit alors ? « Il a un démon en lui ! ». Le Fils de l’homme est venu, il mange et boit, et vous vous écriez : « Cet homme ne pense qu’à faire bonne chère et à boire du vin, il est l’ami des collecteurs d’impôts et des pécheurs notoires. » Cependant, la sagesse de Dieu est reconnue comme telle par ceux qui la reçoivent. Un pharisien invita Jésus à manger. Jésus se rendit chez lui et se mit à table. Survint une femme connue dans la ville pour sa vie dissolue. Comme elle avait appris que Jésus mangeait chez le pharisien, elle avait apporté un flacon d’albâtre rempli de parfum. Elle se tint derrière lui, à ses pieds. Elle pleurait ; elle se mit à mouiller de ses larmes les pieds de Jésus ; alors elle les essuya avec ses cheveux et, en les embrassant, elle versait le parfum sur eux. En voyant cela, le pharisien qui l’avait invité se dit : Si cet homme était vraiment un prophète, il saurait quelle est cette femme qui le touche, que c’est quelqu’un qui mène une vie dissolue. Jésus lui répondit à haute voix : Simon, j’ai quelque chose à te dire. – Oui, Maître, parle, répondit le pharisien. – Il était une fois un prêteur à qui deux hommes devaient de l’argent. Le premier devait cinq cents pièces d’argent ; le second cinquante. Comme ni l’un ni l’autre n’avaient de quoi rembourser leur dette, il fit cadeau à tous deux de ce qu’ils lui devaient. A ton avis, lequel des deux l’aimera le plus ? Simon répondit : Celui, je suppose, auquel il aura remis la plus grosse dette. – Voilà qui est bien jugé, lui dit Jésus. Puis, se tournant vers la femme, il reprit : Tu vois cette femme ? Eh bien, quand je suis entré dans ta maison, tu ne m’as pas apporté d’eau pour me laver les pieds; mais elle, elle me les a arrosés de ses larmes et les a essuyés avec ses cheveux. Tu ne m’as pas accueilli en m’embrassant, mais elle, depuis que je suis entré, elle n’a cessé de couvrir mes pieds de baisers. Tu n’as pas versé d’huile parfumée sur ma tête, mais elle, elle a versé du parfum sur mes pieds. C’est pourquoi je te le dis : ses nombreux péchés lui ont été pardonnés, c’est pour cela qu’elle m’a témoigné tant d’amour. Mais celui qui a eu peu de choses à se faire pardonner ne manifeste que peu d’amour ! Puis il dit à la femme : Tes péchés te sont pardonnés. Les autres invités se dirent en eux-mêmes : « Qui est donc cet homme qui ose pardonner les péchés ? » Mais Jésus dit à la femme : Parce que tu as cru en moi, tu es sauvée  ; va en paix.

Pataje
Li Lik 7

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an