Yon jou samdi, Jezi t'ap pase bò yon jaden ble. Disip li yo rale kèk grap ble fwote nan men yo epi yo t'ap manje. Te gen kèk farizyen la ki di yo konsa: — Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a? Jezi pran lapawòl, li di farizyen yo konsa: — Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l yo, yon jou yo te grangou? Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje, li bay moun pa l yo manje tou. Men dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gendwa manje pen sa yo. Apre sa, li di yo: — Mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a.
Li Lik 6
Koute Lik 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 6:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo