Lik 6:1-5
Lik 6:1-5 1998 Haïtienne (HAT98)
Yon jou samdi, Jezi t'ap pase bò yon jaden ble. Disip li yo rale kèk grap ble fwote nan men yo epi yo t'ap manje. Te gen kèk farizyen la ki di yo konsa: — Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a? Jezi pran lapawòl, li di farizyen yo konsa: — Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l yo, yon jou yo te grangou? Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje, li bay moun pa l yo manje tou. Men dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gendwa manje pen sa yo. Apre sa, li di yo: — Mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a.
Lik 6:1-5 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Un jour de sabbat, Jésus traverse des champs. Ses disciples arrachent des épis, ils les frottent dans leurs mains et ils mangent les grains. Quelques Pharisiens disent : « Pourquoi est-ce que vous faites cela ? Le jour du sabbat, c’est interdit ! » Jésus leur répond : « Vous n’avez donc pas lu ce que David a fait ? Un jour, il avait faim, et ceux qui étaient avec lui avaient faim aussi. Il est entré dans la maison de Dieu, et il a pris les pains qui étaient offerts à Dieu. Il en a mangé et il en a donné à ceux qui l’accompagnaient. Pourtant, seuls les prêtres avaient le droit d’en manger ! » Jésus dit encore aux Pharisiens : « Le Fils de l’homme est maître du sabbat. »
Lik 6:1-5 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?” Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”
Lik 6:1-5 New International Version (NIV)
One Sabbath Jesus was going through the grainfields, and his disciples began to pick some heads of grain, rub them in their hands and eat the kernels. Some of the Pharisees asked, “Why are you doing what is unlawful on the Sabbath?” Jesus answered them, “Have you never read what David did when he and his companions were hungry? He entered the house of God, and taking the consecrated bread, he ate what is lawful only for priests to eat. And he also gave some to his companions.” Then Jesus said to them, “The Son of Man is Lord of the Sabbath.”
Lik 6:1-5 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Un jour de sabbat, Jésus traversait des champs de blé. Ses disciples cueillaient des épis et, après les avoir frottés dans leurs mains, en mangeaient les grains. Des pharisiens dirent : Pourquoi faites-vous ce qui est interdit le jour du sabbat ? Jésus prit la parole et leur dit : N’avez-vous pas lu ce qu’a fait David lorsque lui et ses compagnons eurent faim ? Il est entré dans le sanctuaire de Dieu, a pris les pains exposés devant Dieu et en a mangé, puis il en a donné à ses hommes, alors que seuls les prêtres ont le droit d’en manger. Et il ajouta : Le Fils de l’homme est maître du sabbat.