Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile. Aprann Pilat aprann Jezi te sòti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a. Ewòd pat manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l. Li te kwè li ta pral wè Jezi fè kèk mirak. Li poze l anpil kèsyon, men Jezi pa reponn li anyen. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi. Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat. Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi. Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la. Li di yo: — Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l kèsyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè okenn nan move zak n'ap plede di l fè yo. Ewòd pa jwenn li koupab nonplis. Men li voye l tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li. [
Li Lik 23
Koute Lik 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 23:6-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo