Lik 23:6-16
Lik 23:6-16 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile. Aprann Pilat aprann Jezi te sòti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a. Ewòd pat manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l. Li te kwè li ta pral wè Jezi fè kèk mirak. Li poze l anpil kèsyon, men Jezi pa reponn li anyen. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi. Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat. Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi. Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la. Li di yo: — Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l kèsyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè okenn nan move zak n'ap plede di l fè yo. Ewòd pa jwenn li koupab nonplis. Men li voye l tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li. [
Lik 23:6-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pilate entend cela et il demande : « Est-ce que cet homme est galiléen ? » On lui répond que Jésus est de Galilée. C’est Hérode Antipas qui gouverne cette région, et il est, lui aussi, à Jérusalem à ce moment-là. Alors Pilate envoie Jésus chez Hérode. Hérode est très content de voir Jésus. En effet, il a entendu parler de lui, et depuis longtemps, il a envie de le rencontrer. Il espère qu’il va le voir faire quelque chose d’extraordinaire. Il lui pose beaucoup de questions, mais Jésus ne lui répond rien. Les chefs des prêtres et les maîtres de la loi sont aussi venus chez Hérode, et ils accusent Jésus avec force. Hérode et ses soldats insultent Jésus et ils se moquent de lui. Pour cela, ils lui mettent un vêtement magnifique. Ensuite Hérode renvoie Jésus chez Pilate. Avant, Hérode Antipas et Pilate étaient ennemis. Ce jour-là, ils deviennent amis. Pilate réunit les chefs des prêtres, les autorités et le peuple. Il leur dit : « Vous m’avez amené cet homme en me disant : “Il pousse notre peuple à la révolte !” Alors je l’ai interrogé devant vous. Vous, vous l’accusez, mais moi, je n’ai pas trouvé de raison pour le condamner. Hérode Antipas n’en a pas trouvé non plus puisqu’il l’a renvoyé chez nous. Cet homme n’a donc rien fait pour mériter de mourir. C’est pourquoi je vais le faire frapper, ensuite je vais le libérer.
Lik 23:6-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou nan Jerizalèm lè sa a. Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li. Ewòd te poze Jezi anpil kesyon, men Jezi pa t janm reponn anyen. Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi. Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat. Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a. Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.”
Lik 23:6-16 New International Version (NIV)
On hearing this, Pilate asked if the man was a Galilean. When he learned that Jesus was under Herod’s jurisdiction, he sent him to Herod, who was also in Jerusalem at that time. When Herod saw Jesus, he was greatly pleased, because for a long time he had been wanting to see him. From what he had heard about him, he hoped to see him perform a sign of some sort. He plied him with many questions, but Jesus gave him no answer. The chief priests and the teachers of the law were standing there, vehemently accusing him. Then Herod and his soldiers ridiculed and mocked him. Dressing him in an elegant robe, they sent him back to Pilate. That day Herod and Pilate became friends—before this they had been enemies. Pilate called together the chief priests, the rulers and the people, and said to them, “You brought me this man as one who was inciting the people to rebellion. I have examined him in your presence and have found no basis for your charges against him. Neither has Herod, for he sent him back to us; as you can see, he has done nothing to deserve death. Therefore, I will punish him and then release him.”
Lik 23:6-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quand Pilate entendit parler de la Galilée, il demanda si cet homme était galiléen. Apprenant qu’il relevait bien de la juridiction d’Hérode, il l’envoya à ce dernier qui, justement, se trouvait lui aussi à Jérusalem durant ces jours-là. Hérode fut ravi de voir Jésus car, depuis longtemps, il désirait faire sa connaissance, parce qu’il avait entendu parler de lui, et il espérait lui voir faire quelque signe miraculeux. Il lui posa de nombreuses questions, mais Jésus ne lui répondit pas un mot. Pendant ce temps, les chefs des prêtres et les spécialistes de la Loi se tenaient là debout, lançant, avec passion, de graves accusations contre lui. Alors Hérode le traita avec mépris, ses soldats en firent autant, et ils se moquèrent de lui, en le revêtant d’un manteau magnifique. Hérode le fit reconduire ainsi chez Pilate. Hérode et Pilate, qui jusqu’alors avaient été ennemis, devinrent amis ce jour-là. Pilate convoqua les chefs des prêtres, les dirigeants et le peuple. Il leur dit : Vous m’avez amené cet homme en l’accusant d’égarer le peuple. Or, je l’ai interrogé moi-même devant vous, et je ne l’ai trouvé coupable d’aucun des crimes dont vous l’accusez. Hérode non plus, d’ailleurs, puisqu’il nous l’a renvoyé. Cet homme n’a rien fait qui mérite la mort. Je vais donc lui faire donner le fouet et le relâcher. [