Lè l fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo. Yo mande li: — Manyè di nou: eske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: — Si m reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen. Si m poze nou yon kèsyon, nou p'ap vle reponn mwen. Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a. Yo tout di li: — Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: — Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm. Lè sa a yo di: — Sa nou bezwen temwen ankò fè. Nou menm nou fenk tande pawòl ki sòti nan bouch li.
Li Lik 22
Koute Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:66-71
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo