Jezi pwonmennen je l toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li wè yon pòv vèv tou ki lage de pyès senk kòb nan kès la. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te gen pou l viv.
Li Lik 21
Koute Lik 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 21:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo