Lik 21:1-4
Lik 21:1-4 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi pwonmennen je l toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li wè yon pòv vèv tou ki lage de pyès senk kòb nan kès la. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te gen pou l viv.
Lik 21:1-4 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Dans le temple, Jésus regarde autour de lui. Il voit des gens riches qui mettent leurs offrandes à l’endroit réservé pour cela. Il voit aussi une veuve très pauvre, elle met deux pièces qui ont très peu de valeur. Jésus dit : « Vraiment, je vous le dis, cette veuve pauvre a donné plus que tous les autres. En effet, tous les autres ont mis de l’argent qu’ils avaient en trop. Mais elle qui manque de tout, elle a donné tout ce qu’elle avait pour vivre. »
Lik 21:1-4 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi leve tèt li gade epi li wè moun rich yo k ap mete kòb nan bwat ofrann yo nan tanp lan. Li wè tou yon pòv vèv ki mete de ti pyès lajan nan bwat la. Jezi di: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete pi plis pase tout lòt moun yo. Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.”
Lik 21:1-4 New International Version (NIV)
As Jesus looked up, he saw the rich putting their gifts into the temple treasury. He also saw a poor widow put in two very small copper coins. “Truly I tell you,” he said, “this poor widow has put in more than all the others. All these people gave their gifts out of their wealth; but she out of her poverty put in all she had to live on.”
Lik 21:1-4 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
En regardant autour de lui, Jésus vit des riches qui mettaient leurs dons dans le tronc. Il aperçut aussi une pauvre veuve qui y glissait deux petites pièces. Il dit alors : En vérité, je vous l’assure, cette pauvre veuve a donné bien plus que tous les autres, car tous ces gens ont seulement donné de leur superflu. Mais elle, elle a pris sur son nécessaire, et a donné tout ce qu’elle avait pour vivre.