— Jou sa a, moun ki va sou teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. Moun ki nan jaden p'ap gentan tounen lakay yo. Chonje istwa madanm Lòt la. Moun ki va chache sove lavi l va pèdi l. Men moun ki va pèdi lavi l va konsève li. M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. [ Va gen dezòm nan yon menm jaden. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.] Disip yo pran lapawòl, yo mande li: — Ki kote sa pral fèt, Mèt? Li reponn yo: — Kote bourik mouri a ye a, se la chen yo va rasanble tou.
Li Lik 17
Koute Lik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 17:31-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo