Lik 12:13-34

Lik 12:13-34 HAT98

Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: — Mèt, di frè m lan pou l separe eritaj papa nou an avèk mwen. Jezi reponn li: — Zanmi mwen, ki moun ki mete m pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou? Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li. Li di yo parabòl sa a tou: — Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l anpil. Li t'ap di nan kè li: Kisa m'ta fè la a? Mwen pa gen kont plas pou m'sere rekòt mwen yo. Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè. M'ap kraze depo m yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, depo ou chaje pou plizyè lane ankò. Manyè bay kò ou repo. Chita, manje manje ou, bwè bwè ou, pran plezi ou. Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye? Jezi di yo ankò: — Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye. Apre sa, Jezi di disip li yo: — Se poutèt sa mwen di nou: Pa enkyete nou pou manje nou bezwen pou viv, ni pou rad nou bezwen pou nou mete. Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. Gade kònèy: yo pa plante, yo pa rekòlte. Yo pa gen kolonbye ni galata. Epoutan Bondye pran swen yo. Nou menm, nou vo plis pase zwazo, pa vre? Kilès nan nou ki ka mete yon ti longè anplis sou lavi li afòs li fè tèt li travay? Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sa k fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye! — Pa bay kò nou traka pou n toujou ap chache sa pou n manje ak sa pou n bwè. Tout bagay sa yo, se moun ki pa konn Bondye yo k'ap trakase kò yo pou yo san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. — Nou pa bezwen pè, nou menm ti gwoup moun pa m' yo! Se tout plezi Papa nou pou li ban nou peyi kote Bondye wa a. Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an