Lik 12:13-34

Lik 12:13-34 1998 Haïtienne (HAT98)

Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: — Mèt, di frè m lan pou l separe eritaj papa nou an avèk mwen. Jezi reponn li: — Zanmi mwen, ki moun ki mete m pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou? Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li. Li di yo parabòl sa a tou: — Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l anpil. Li t'ap di nan kè li: Kisa m'ta fè la a? Mwen pa gen kont plas pou m'sere rekòt mwen yo. Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè. M'ap kraze depo m yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, depo ou chaje pou plizyè lane ankò. Manyè bay kò ou repo. Chita, manje manje ou, bwè bwè ou, pran plezi ou. Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye? Jezi di yo ankò: — Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye. Apre sa, Jezi di disip li yo: — Se poutèt sa mwen di nou: Pa enkyete nou pou manje nou bezwen pou viv, ni pou rad nou bezwen pou nou mete. Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. Gade kònèy: yo pa plante, yo pa rekòlte. Yo pa gen kolonbye ni galata. Epoutan Bondye pran swen yo. Nou menm, nou vo plis pase zwazo, pa vre? Kilès nan nou ki ka mete yon ti longè anplis sou lavi li afòs li fè tèt li travay? Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sa k fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye! — Pa bay kò nou traka pou n toujou ap chache sa pou n manje ak sa pou n bwè. Tout bagay sa yo, se moun ki pa konn Bondye yo k'ap trakase kò yo pou yo san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. — Nou pa bezwen pè, nou menm ti gwoup moun pa m' yo! Se tout plezi Papa nou pou li ban nou peyi kote Bondye wa a. Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:13-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quelqu’un dans la foule dit à Jésus : « Maître, commande à mon frère de partager notre héritage avec moi ! » Jésus lui répond : « Je ne suis pas là pour juger vos affaires ni pour partager vos richesses ! » Ensuite Jésus dit à tout le monde : « Attention ! Ne cherchez pas à avoir toujours plus de choses ! En effet, la vie de quelqu’un ne dépend pas de ce qu’il possède, même s’il est très riche. » Alors Jésus leur raconte une histoire : « Un homme riche a des terres qui produisent une bonne récolte. Il se demande : “Qu’est-ce que je vais faire ? Je n’ai pas assez de place pour mettre ma récolte.” Alors il se dit : “Voilà ce que je vais faire : je vais démolir mes greniers et en construire de plus grands. J’y mettrai toute ma récolte et mes richesses. Ensuite je me dirai à moi-même : Mon ami, tu as là beaucoup de richesses, pour de nombreuses années. Repose-toi, mange, bois, amuse-toi !” Mais Dieu lui dit : “Tu es fou ! Cette nuit, je vais te reprendre ta vie. Et tout ce que tu as mis dans tes greniers, qui va l’avoir ?” » Jésus ajoute : « Voilà ce qui arrive à celui qui cherche des richesses pour lui-même, mais qui n’est pas riche pour Dieu ! » Jésus dit à ses disciples : « C’est pourquoi je vous dis : Ne vous faites pas de souci pour votre vie ni pour votre corps. Ne vous demandez pas : “Qu’est-ce que nous allons manger ? Avec quoi est-ce que nous allons nous habiller ?” Oui, votre vie est plus importante que la nourriture, et votre corps est plus important que les vêtements. Regardez les oiseaux ! Ils ne sèment pas, ils ne récoltent pas, ils n’ont pas de réserve ni de grenier, mais Dieu les nourrit ! Et vous valez beaucoup plus que les oiseaux ! Ce n’est pas en vous faisant du souci que vous pouvez ajouter un seul jour à votre vie ! « Si vous n’arrivez même pas à cela, pourquoi alors vous faire du souci pour les autres choses ? Observez les fleurs des champs, regardez comment elles poussent ! Elles ne filent pas et elles ne tissent pas. Pourtant, je vous le dis : même Salomon, avec toute sa richesse, n’a jamais eu de vêtements aussi beaux qu’une seule de ces fleurs. L’herbe est aujourd’hui dans les champs et demain, on la jettera au feu, et pourtant, Dieu l’habille de vêtements magnifiques. Vous qui n’avez pas beaucoup de foi, vous pouvez être sûrs d’une chose : Dieu en fera au moins autant pour vous. Et vous, ne cherchez pas ce que vous allez manger ou ce que vous allez boire, ne soyez pas inquiets. En effet, les gens qui ne connaissent pas Dieu cherchent tout cela sans arrêt. Vous avez besoin de ces choses et Dieu, votre Père, le sait bien. Cherchez plutôt son Royaume, et il vous donnera tout le reste en plus. N’aie pas peur, petit troupeau ! Votre Père a choisi de vous donner le Royaume ! » « Vendez ce que vous avez et donnez l’argent aux pauvres. Faites-vous des porte-monnaie qui ne s’usent pas. Mettez vos richesses auprès de Dieu. Là, elles ne s’abîmeront pas. Les voleurs ne peuvent pas les prendre, et les insectes ne peuvent pas les détruire. Oui, là où vous mettez vos richesses, c’est là aussi que vous mettrez votre cœur. »

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:13-34 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yon nonm nan mitan foul la di Jezi konsa: “Mèt, pale ak frè m nan non pou l ka pataje byen paran nou kite pou nou yo ak mwen.” Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay kon sa ant ou menm ak frè w?” Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.” Epi li tonbe rakonte yo parabòl sa a, li di: “Te gen yon nonm rich ki te fè yon bèl rekòt nan jaden l. Nonm rich la reflechi nan li menm, li di: Ki sa m pral fè la a, paske mwen pa gen ase plas pou m sere rekòt mwen yo? Apre sa, li di: Oke, m konn sa m pral fè. M ap kraze tout depo m yo, epi m ap bati sa k pi gwo pou m ka jwenn kote pou m sere tout ble m yo ak lòt rekòt mwen yo. Apre sa, m a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou anpil ane ankò. Ou mèt poze kounye a. Annik manje, bwè epi jwi lavi w. Men Bondye di li: Egare! Aswè a menm ou pral mouri. Tout bagay sa yo ou te prepare yo, pou kilès y ap rete? Se kon sa sa ye pou nenpòt moun k ap rasanble byen pou li menm sèlman, men ki pa rich nan je Bondye.” Apre sa, li di disip li yo: “Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Paske lavi gen plis valè pase manje. Kò moun gen plis valè pase rad. Gade zwazo yo rele kònèy yo. Yo pa plante ni yo pa rekòlte. Yo pa gen depo, ni galata, epoutan Bondye ba yo manje. Èske nou pa vo plis pase zwazo yo? Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? Si ou pa ka menm fè ti bagay ki pi piti yo, poukisa pou ap bay kò w traka pou bagay ki pi gwo yo? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, epi nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti! Kidonk, nou pa bezwen ap bay kò nou traka pou chache bagay pou n manje ak bagay pou n bwè. Bagay sa yo se moun ki nan mond lan ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Akòde plis enpòtans a wayòm Bondye a pito, epi l ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi. Ti twoupo mouton m yo, nou pa bezwen pè, paske Bondye Papa nou pran plezi pou l ban nou Wayòm nan. Vann tout sa nou genyen epi bay pòv kòb la. Si nou fè sa, n ap gen yon bous ki p ap janm gen twou. N ap gen yon trezò k ap dire pou tout tan nan syèl la, kote vòlè pa ka jwenn li, kote mit pa ka manje l. Paske kote trezò w ye se la kè w ap ye tou.

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:13-34 New International Version (NIV)

Someone in the crowd said to him, “Teacher, tell my brother to divide the inheritance with me.” Jesus replied, “Man, who appointed me a judge or an arbiter between you?” Then he said to them, “Watch out! Be on your guard against all kinds of greed; life does not consist in an abundance of possessions.” And he told them this parable: “The ground of a certain rich man yielded an abundant harvest. He thought to himself, ‘What shall I do? I have no place to store my crops.’ “Then he said, ‘This is what I’ll do. I will tear down my barns and build bigger ones, and there I will store my surplus grain. And I’ll say to myself, “You have plenty of grain laid up for many years. Take life easy; eat, drink and be merry.” ’ “But God said to him, ‘You fool! This very night your life will be demanded from you. Then who will get what you have prepared for yourself?’ “This is how it will be with whoever stores up things for themselves but is not rich toward God.” Then Jesus said to his disciples: “Therefore I tell you, do not worry about your life, what you will eat; or about your body, what you will wear. For life is more than food, and the body more than clothes. Consider the ravens: They do not sow or reap, they have no storeroom or barn; yet God feeds them. And how much more valuable you are than birds! Who of you by worrying can add a single hour to your life? Since you cannot do this very little thing, why do you worry about the rest? “Consider how the wild flowers grow. They do not labor or spin. Yet I tell you, not even Solomon in all his splendor was dressed like one of these. If that is how God clothes the grass of the field, which is here today, and tomorrow is thrown into the fire, how much more will he clothe you—you of little faith! And do not set your heart on what you will eat or drink; do not worry about it. For the pagan world runs after all such things, and your Father knows that you need them. But seek his kingdom, and these things will be given to you as well. “Do not be afraid, little flock, for your Father has been pleased to give you the kingdom. Sell your possessions and give to the poor. Provide purses for yourselves that will not wear out, a treasure in heaven that will never fail, where no thief comes near and no moth destroys. For where your treasure is, there your heart will be also.

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:13-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Du milieu de la foule, un homme dit à Jésus : Maître, dis à mon frère de partager avec moi l’héritage que notre père nous a laissé ! Mais Jésus lui répondit : Mon ami, qui m’a établi pour être votre juge ou votre arbitre en matière d’héritage ? Puis il dit à tous : Gardez-vous avec soin du désir de posséder, sous toutes ses formes, car la vie d’un homme, si riche soit-il, ne dépend pas de ses biens. Il leur raconta alors cette parabole : Le domaine d’un riche propriétaire avait rapporté de façon exceptionnelle. L’homme se mit à réfléchir : « Que faire ? se demandait-il. Je n’ai pas assez de place pour engranger toute ma récolte ! Ah, se dit-il enfin, je sais ce que je vais faire ! Je vais démolir mes greniers pour en construire de plus grands, et j’y entasserai tout mon blé et tous mes autres biens. Après quoi, je pourrai me dire : Mon ami, te voilà pourvu de biens en réserve pour de nombreuses années. Repose-toi, mange, bois et jouis de la vie ! » Mais Dieu lui dit : « Pauvre fou que tu es ! Cette nuit même, tu vas mourir. Et tout ce que tu as préparé pour toi, qui va en profiter ? » Voilà quel sera le sort de tout homme qui amasse des richesses pour lui-même, au lieu de chercher à être riche auprès de Dieu. Jésus ajouta, en s’adressant à ses disciples : C’est pourquoi je vous dis : ne vous inquiétez pas en vous demandant : Qu’allons-nous manger ? Avec quoi allons-nous nous habiller ? La vie vaut bien plus que la nourriture. Le corps vaut bien plus que le vêtement. Considérez les corbeaux, ils ne sèment ni ne moissonnent ; ils n’ont ni cave, ni grenier et Dieu les nourrit. Vous valez bien plus qu’eux ! D’ailleurs, qui de vous peut, à force d’inquiétude, prolonger son existence, ne serait-ce que de quelques instants? Si donc vous n’avez aucun pouvoir sur ces petites choses, pourquoi vous inquiétez-vous au sujet des autres ? Considérez les lis ! Ils poussent sans se fatiguer à tisser des vêtements. Et pourtant, je vous l’assure, le roi Salomon lui-même, dans toute sa gloire, n’a jamais été aussi bien vêtu que l’un d’eux ! Si Dieu habille ainsi cette petite plante dans les champs, qui est là aujourd’hui et qui demain déjà sera jetée au feu, à combien plus forte raison vous vêtira-t-il vous-mêmes ! Ah, votre foi est bien petite ! Ne vous faites donc pas de soucis au sujet du manger et du boire, et ne vous tourmentez pas pour cela. Toutes ces choses, les païens de ce monde s’en préoccupent sans cesse. Mais votre Père sait que vous en avez besoin. Faites donc plutôt du royaume de Dieu votre préoccupation première, et ces choses vous seront données en plus. N’aie pas peur, petit troupeau ! Car il a plu à votre Père de vous donner le royaume. Vendez ce que vous possédez, et distribuez-en le produit aux pauvres. Fabriquez-vous des bourses inusables et constituez-vous un trésor inaltérable dans le ciel où aucun cambrioleur ne peut l’atteindre, ni aucune mite l’entamer. Car là où est votre trésor, là aussi sera votre cœur.

Pataje
Li Lik 12