Lik 11:1-13

Lik 11:1-13 HAT98

Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: — Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo. Jezi di yo: — Lè n'ap lapriyè, men sa pou n di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. Vin tabli gouvènman ou lan. Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon. Jezi di yo ankò: — Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, l'al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l di li: Zanmi, prete m twa biswit. Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fenk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m ba li. Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m an repo! Pòt la gentan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m ba ou biswit yo. M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l ba li biswit yo paske li se zanmi l, li gen pou l leve pou l ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li. — Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande, l'a resevwa. Moun ki chache, l'a jwenn. Y'a louvri pou moun k'ap frape. Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l yon pwason? Osinon, eske la ba li yon eskòpyon si li mande l yon ze? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 11:1-13

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an