Lik 11:1-13

Lik 11:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)

Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: — Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo. Jezi di yo: — Lè n'ap lapriyè, men sa pou n di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. Vin tabli gouvènman ou lan. Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon. Jezi di yo ankò: — Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, l'al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l di li: Zanmi, prete m twa biswit. Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fenk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m ba li. Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m an repo! Pòt la gentan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m ba ou biswit yo. M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l ba li biswit yo paske li se zanmi l, li gen pou l leve pou l ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li. — Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande, l'a resevwa. Moun ki chache, l'a jwenn. Y'a louvri pou moun k'ap frape. Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l yon pwason? Osinon, eske la ba li yon eskòpyon si li mande l yon ze? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li.

Pataje
Li Lik 11

Lik 11:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un jour, quelque part, Jésus est en train de prier. Quand il a fini, un de ses disciples lui dit : « Jean-Baptiste a appris à prier à ses disciples. Toi aussi, Seigneur, apprends-nous à prier. » Jésus leur dit : « Quand vous priez, dites ceci : Père, ton nom est saint. Fais que tout le monde le connaisse ! Fais venir ton Royaume ! Chaque jour, donne-nous le pain qu’il nous faut ! Pardonne-nous nos péchés ! Oui, nous-mêmes, nous pardonnons à tous ceux qui nous ont fait du mal. Et ne permets pas que nous soyons tentés par le mal ! » Jésus leur dit encore : « Supposons ceci : Vous avez un ami, vous allez chez lui au milieu de la nuit et vous lui dites : “Mon ami, prête-moi trois pains. En effet, un de mes amis vient d’arriver de voyage chez moi, et je n’ai rien à lui offrir !” Votre ami vous répond peut-être de l’intérieur de la maison : “Laisse-moi tranquille ! J’ai déjà fermé la porte. Mes enfants et moi, nous sommes couchés. Je ne peux pas me lever pour te donner du pain.” Eh bien, pourtant, je vous le dis : votre ami va se lever et il va vous donner tout ce qu’il vous faut ! Il ne le fera peut-être pas seulement parce qu’il est votre ami, mais parce que vous continuez à demander sans vous gêner. « C’est pourquoi, moi, je vous le dis : demandez, et on vous donnera. Cherchez, et vous trouverez. Frappez à la porte, et on vous ouvrira. Oui, celui qui demande reçoit. Celui qui cherche trouve, et celui qui frappe à la porte, on lui ouvre. Chez vous, quand un enfant demande du poisson à son père, le père ne lui donne pas un serpent à la place du poisson ! Et quand un enfant demande un œuf, son père ne lui donne pas un scorpion ! Vous, vous êtes mauvais, et pourtant vous savez donner de bonnes choses à vos enfants. Alors ceci est encore plus sûr : le Père qui est au ciel donnera l’Esprit Saint à ceux qui le lui demandent ! »

Pataje
Li Lik 11

Lik 11:1-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yon lè, Jezi t ap lapriyè yon kote. Lè Jezi te fin priye, youn nan disip li yo di li: “Mèt, montre nou kijan pou nou priye, menm jan Janbatis te montre disip pa l yo.” Jezi di yo: “Lè n ap priye se pou nou di: Papa, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen. Vin etabli wayòm ou an. Ban nou pou chak jou manje nou bezwen pou jounen an. Padone peche nou yo, menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal. Epi pa kite nou tonbe anba tantasyon.” Apre sa, Jezi di yo: “Sipoze youn nan pami nou la a ta al kote yon zanmi l nan mitan lannuit, ou di l: prete m twa pen, paske m gen yon zanmi ki fèk rive lakay mwen la a soti an vwayaj epi m pa gen anyen pou m ta ba l manje. Epi pou zanmi an ta reponn ou: Monchè, kite m repo tande. Pòt mwen gentan fèmen, timoun mwen yo gentan kouche. Èske m ka nan leve la a ankò pou ba w anyen la a. M regrèt sa. M ap di nou sa: menmsi li pa ta vle leve pou ba w pen sèlman paske li se zanmi w, si ou pèsiste, ou kontinye frape nan pòt la, zanmi an ap leve pou ba w tout sa ou gen bezwen. Se sa k fè m ap di nou: Mande, epi Bondye ap ban nou. Chèche, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li. Kilès nan tout papa yo ki la a, si pitit gason w ta mande w yon pwason, k ap ba li yon koulèv si l mande yon pwason? Oubyen si l ta mande w yon ze, ou t ap ba l yon eskòpyon alaplas ze li mande w la? Ou pa t ap fè sa. Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”

Pataje
Li Lik 11

Lik 11:1-13 New International Version (NIV)

One day Jesus was praying in a certain place. When he finished, one of his disciples said to him, “Lord, teach us to pray, just as John taught his disciples.” He said to them, “When you pray, say: “ ‘Father, hallowed be your name, your kingdom come. Give us each day our daily bread. Forgive us our sins, for we also forgive everyone who sins against us. And lead us not into temptation.’ ” Then Jesus said to them, “Suppose you have a friend, and you go to him at midnight and say, ‘Friend, lend me three loaves of bread; a friend of mine on a journey has come to me, and I have no food to offer him.’ And suppose the one inside answers, ‘Don’t bother me. The door is already locked, and my children and I are in bed. I can’t get up and give you anything.’ I tell you, even though he will not get up and give you the bread because of friendship, yet because of your shameless audacity he will surely get up and give you as much as you need. “So I say to you: Ask and it will be given to you; seek and you will find; knock and the door will be opened to you. For everyone who asks receives; the one who seeks finds; and to the one who knocks, the door will be opened. “Which of you fathers, if your son asks for a fish, will give him a snake instead? Or if he asks for an egg, will give him a scorpion? If you then, though you are evil, know how to give good gifts to your children, how much more will your Father in heaven give the Holy Spirit to those who ask him!”

Pataje
Li Lik 11

Lik 11:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Un jour, Jésus priait en un certain lieu. Quand il eut fini, l’un de ses disciples lui demanda : Seigneur, apprends-nous à prier, comme Jean l’a appris à ses disciples ! Il leur répondit : Quand vous priez, dites : Père, que ton nom soit sanctifié, que ton règne vienne. Donne-nous, chaque jour, le pain dont nous avons besoin. Pardonne-nous nos péchés, car nous pardonnons nous-mêmes à ceux qui ont des torts envers nous. Et ne nous expose pas à la tentation. Puis il ajouta : Supposez que l’un de vous ait un ami et qu’il aille le réveiller en pleine nuit pour lui dire : « Mon ami, prête-moi trois pains, car un de mes amis qui est en voyage vient d’arriver chez moi et je n’ai rien à lui offrir. » Supposons que l’autre, de l’intérieur de la maison, lui réponde : « Laisse-moi tranquille, ne me dérange pas, ma porte est fermée, mes enfants et moi nous sommes couchés, je ne peux pas me lever pour te les donner. » Je vous assure que, même s’il ne se lève pas pour lui donner ces pains par amitié pour lui, il se lèvera pour ne pas manquer à l’honneur, et il lui donnera tout ce dont il a besoin. Ainsi, moi je vous le dis : Demandez, et vous recevrez ; cherchez, et vous trouverez ; frappez, et l’on vous ouvrira. Car celui qui demande reçoit ; celui qui cherche trouve ; et l’on ouvre à celui qui frappe. Il y a des pères parmi vous. Lequel d’entre vous donnera-t-il un serpent à son fils quand celui-ci lui demande un poisson? Ou encore, s’il demande un œuf, lui donnera-t-il un scorpion? Si donc, tout mauvais que vous êtes, vous savez donner de bonnes choses à vos enfants, à combien plus forte raison le Père céleste donnera-t-il l’Esprit Saint à ceux qui le lui demandent.

Pataje
Li Lik 11