Lik 10

10
Jezi voye swasanndis disip an misyon
1Apre sa, Senyè a chwazi swasanndis #Mat 10.7-16 lòt disip. #Mak 6.7 Li voye yo devan l de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l ale. 2Li #Jan 4.35; Mat 9.37,38 di yo:
— Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l voye travayè nan jaden l lan. 3Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. 4Pa #Lik 9.3-5; 2 Wa 4.29 pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pèsonn bonjou nan chemen an. 5Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: Benediksyon pou tout moun ki nan kay la. 6Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li. Si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. 7Rete #1 Tim 5.18; 1 Kor 9.5-14 nan kay sa a. Manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l lajan travay li. Pa sòti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. 8#1 Kor 10.27 nou antre nan yon vil, si yo resevwa nou, manje sa yo ban nou. 9Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou. 10Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: 11Men #Tra 18.6 n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou. 12M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap pini lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm.
Lavil ki pat vle kwè nan Jezi
(Matye 11.20-24)
13— Malè #Mat 11.21-23 pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan moun Tir yo ak moun Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita plat atè, yo ta mete rad tristès yo sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann pou fè wè yo repanti vin jwenn Bondye. 14Se poutèt sa, jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon. 15Nou #Eza 14.13,15 menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la. Enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.
16Li #Mat 10.40; Jan 5.23; 15.23 di disip li yo ankò:
— Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m, se moun ki voye m lan yo repouse.
Swasanndis disip yo tounen
17Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li:
— Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.
18Jezi #Jan 12.31; Rev 12.8,9 di yo:
— Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou zetwal k'ap file. 19Koute: #Mak 16.18; Sòm 91.13 Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. 20Men, #Egz 32.32; Fil 4.3; Rev 3.5; Mat 7.22 nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
Jezi kontan anpil
(Matye 11.25-27; 13.16-17)
21#Mat 11.25-27 sa a, Sentespri #10.21: Sentespri: Gen maniskri ki bay Lespri Bondye a. Gen lòt ki bay Lè sa a Jezi te kontan anpil nan kè li. te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa:
— O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mèsi anpil deske ou pran bagay ou te kache nan je gwo save yo ak moun gwo lespri yo, ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
22Papa m renmèt tout bagay nan men mwen. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
23Apre #Mat 13.16,17 sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo:
— Benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a. 24Paske, #1 Pyè 1.10 m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.
Parabòl bon moun peyi Samari a
25Yon #Mat 22.35-40; Mak 12.28-34 dirèktè #Lik 18.18-20 lalwa vin rive. Pou li pran Jezi nan pyèj, li di li konsa:
— Mèt, kisa m'dwe fè pou m'eritye lavi ki p'ap janm fini an?
26Jezi di li:
— Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?
27Nonm #Det 6.5; Lev 19.18 lan reponn:
— Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
28Jezi #Lev 18.5; Mat 19.17 di li:
— Ou byen reponn. Si ou fè sa, w'a gen lavi.
29Men direktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, li mande Jezi:
— Ki moun ki pwochen mwen?
30Jezi reponn li konsa:
— Vwala, yon nonm t'ap desann sòti Jerizalèm, li ta pral Jeriko. Kèk ansasen atake l, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (¾) mò. 31Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li. 32Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li. 33Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan. Kè l fè l mal lè li wè nonm lan. 34Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li. 35Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.
36Apre sa, Jezi di nonm lan:
— Dapre ou, nan twa mesye sa yo, kilès ki moutre li se pwochen nonm ki te tonbe anba men ansasen yo?
37Dirèktè lalwa a reponn:
— Nonm ki te gen pitye pou li a.
Jezi di li:
— Ale, fè menm bagay la tou.
Jezi lakay Mat ak Mari
38Jezi #Jan 11.1; 12.2,3 al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l lakay li. 39Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo. 40Mat menm t'ap fatige kò li ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini li di:
— Mèt, sa pa fè ou anyen pou wè sè mwen kite m' ap fè tout travay la poukont mwen? Di li manyè vin ede mwen non.
41Jezi reponn li:
— Mat, Mat! W'ap trakase tèt ou. W'ap bat kò ou pou yon bann bagay. 42Epoutan, #Mat 6.33 se yon sèl bagay ki konsekan wi. Se li Mari chwazi. Yo p'ap janm wete li nan men li.

Chwazi Kounye ya:

Lik 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

Videos for Lik 10