Levitik 25

25
Lanne repo tè jaden yo
(Detewonòm 15.1-11)
1Senyè a pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li di l konsa:
2— Pale #Egz 23.10,11 ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Senyè a. 3Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan. 4Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Senyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo. 5Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pat taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a. 6Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou. 7Bèt domestik nou yo ak bèt bwa ki nan peyi a va manje nan sa tè a bay la tou.
Lanne rejwisans
8Nou va kite sèt fwa sèt lanne Repo pase. Sa va ban nou karantnèf lanne. 9Sou #Lev 23.27; Nonb 10.10 dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a. 10N'a #Lev 27.24; Nonb 36.4 va konsakre senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye epi n'a pase lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pandan tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap vin pou ansyen mèt yo ankò osnon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap retounen lakay yo lib. 11Senkantyèm #Lev 25.4,5 lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pat taye pou nou vann. 12Paske #Lev 25.6,7 se va yon lanne rejwisans, se va yon lanne n'a mete apa nèt pou Senyè a. Men n'a manje tou sa jaden nou pat plante yo bay.
13Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò. 14Konsa, #Lev 19.13 si n'ap vann yon moun pèp Izrayèl parèy nou yon tè osinon si n'ap achte tè nan men l, piga nou fè koutay yonn sou do lòt. 15#Lev 27.18,23 n'ap achte yon tè osinon lè w'ap vann yon tè, se pou nou kalkile pri a sou kantite lanne tè a ka travay anvan lanne rejwisans k'ap vini an rive. 16Plis gen lanne anvan lanne rejwisans lan rive, se plis pri a va pi wo. Mwens gen lanne, se plis pri a va pi ba, paske se kantite lanne rekòt tè a ka bay la n'ap vann osinon n'ap achte. 17Pa #Lev 19.14 fè lajan sou do moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou gen krentif pou Bondye nou, paske se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. 18Se #Lev 26.3,5; Eze 34.27,28 pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen. 19Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.
20Men, #Lev 25.4,5 gen moun ki va mande kisa y'a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt. 21Mwen #Egz 16.29; Det 28.8 menm, Senyè a, m'a voye benediksyon m sou tè a pandan sizyèm lanne a pou l ka donnen rekòt kantite pou twazan. 22Konsa, #Lev 26.10; 2 Wa 19.29 lè uityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n'a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lanne a. N'a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n'a gen pou n ranmase rekòt uityèm lanne sa a.
Renmèt tout moun sa ki pou yo
23Yon #Det 32.43; 1 Kwo 29.15; 2 Kwo 7.20; Sòm 39.12; 85.1; Oze 9.3; Jowèl 2.18; 3.2; Eb 11.13; 1 Pyè 2.11 tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a. 24Lè n'ap achte yon tè nan peyi nou an, se pou nou rekonèt dwa ansyen mèt tè a genyen pou l reachte tè a ankò. 25#Rit 2.20; 3.12,13; 4.3-6 yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gendwa fè sa. 26Men, si yon nonm pa gen fanmi pre pou reachte tè a, epi apre kèk tan zafè l vin bon ankò, l'a reachte tè a lè l'a gen kont lajan pou sa. 27L'a kalkile depi ki tan li te vann tè a, epi l'a renmèt moun ki te achte tè a nan men l lan lajan ki koresponn ak kantite lanne ki rete anvan lanne rejwisans k'ap vini an, epi l'a reprann tè li. 28Men, #Lev 25.13 si li pa gen kont kòb pou reachte tè a, tè a va rete nan men moun ki te achte l la jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, tè a va tounen nan men ansyen mèt li ankò.
29Si yon nonm vann yon kay ki nan yon bouk ki gen ranpa, li gen yon lanne dele, depi dat li te vann kay la, pou l reachte l ankò. Pase yon lanne, li pèdi dwa a. 30Si li kite tout lanne a pase san li pa reachte kay la, kay la ap rete pou moun ki te achte l la ak pou pitit pitit li yo. Yo p'ap renmèt li kay la lè lanne rejwisans la rive.
31Men, kay ki nan bouk kote ki pa gen ranpa, y'ap konsidere yo menm jan ak yon jaden. Ansyen mèt la gendwa reachte l ankò. Men, tout jan se pou yo renmèt li kay la, lè lanne rejwisans lan rive. 32Moun #Nonb 35.2; Joz 21.2-40 Levi yo menm ap gen lavil pa yo apa. Yon moun Levi ap toujou gendwa reachte kay ki te pou li nenpòt kilè. 33Si yon moun Levi rive vann yon kay ki nan lavil moun Levi yo, epi li pa reachte l, se pou yo renmèt li kay la lè lanne rejwisans lan rive, paske lè yon moun Levi gen yon kay nan mitan pèp la, kay la pou li nèt. 34Konsa #Joz 21.41,42; Tra 4.36,37 tou, pou jaden ki tout arebò lavil moun Levi yo, yo pa gendwa vann li, paske se pou yo li ye pou tout tan.
Lè nou prete pòv lajan
35Si #Det 15.7,8; Tra 11.29; 1 Jan 3.17 yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou. 36Pa #Egz 22.25; Lev 25.17; Det 23.19 fè l peye okenn enterè, pa ba l ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l viv tou. 37Piga nou mande l enterè sou lajan nou prete l. Piga nou ba l ponya pou manje nou vann li. 38Se #Lev 22.32,33 mwen menm Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip pou m te ka ban nou peyi Kanaran an epitou pou m te ka Bondye nou.
Libète pou esklav yo
39Si #Egz 21.2; Det 15.12; 1 Wa 9.22; 2 Wa 4.1; Jer 34.14 yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l fè travay yon domestik. 40L'ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k'ap travay pou lajan lakay nou. L'a sèvi nou jouk lanne rejwisans k'ap vini an. 41#Egz 21.3; Lev 25.13 sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a. 42Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip. Yo pa gendwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun. 43Piga #Lev 25.17; Ef 6.9; Kol 4.1 nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an. 44Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fontyè peyi nou an. 45Nou #Eza 14.1,2 ka achte pitit moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. 46N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè.
47Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l'al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l esklav. 48Apre li vann tèt li a, l'a toujou gen avantaj moun ka reachte l pou ba li libète l. Se bagay yonn nan frè li yo, 49osinon #Lev 25.26 tonton l, osinon pitit gason tonton l yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou. 50Dakò ak moun ki te achte l la, se pou l konte konbe lanne ki gen depi lanne li te vann tèt li bay moun lan jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, l'a kalkile lajan pou l bay la sou kantite lanne l'a jwenn lan, epi sou pri yo peye lè konsa pou yon moun k'ap travay pou lajan lakay moun. 51Lè gen anpil lanne ki rete, l'a kalkile sou yo pou l konnen valè lajan pou l renmèt pou l ka reachte tèt li. 52Men, si pa gen lanne ki rete anvan lanne rejwisans lan, y'a kalkile ansanm, epi l'a renmèt li lajan dapre kantite lanne ki rete a pou l ka reachte tèt li. 53Paske l'ap travay ak moun lan tankou domestik k'ap travay pou lajan pa an, ou pa fèt pou kite moun lan maltrete li. 54Si #Lev 25.41 li pa reachte tèt li konsa, lè lanne rejwisans lan rive, ni li menm, ni pitit gason l yo va lib ankò. Epi y'a kite kay moun lan. 55Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè sòti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 25: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte