Levitik 21

21
Jan pou prèt yo viv
1Senyè a di Moyiz konsa:
— Pale #Eze 44.25 ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l, piga li patisipe nan okenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye, 2esèpte pou fanmi pre anpil tankou manman, papa, pitit fi, pitit gason, frè. 3Pou yon sè, si sè a poko fè zafè, li gendwa mete tèt li nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. 4Yon prèt pa gendwa mete tèt li nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye lè se yon sè li ki dèja marye ki mouri.
5Prèt #Lev 19.27,28; Det 14.1; Eze 44.20 yyo pa gendwa kale okenn pati nan tèt yo, ni yo pa gendwa taye pwent bab yo, ni yo pa gendwa blese kò yo fè mak pou fè wè yo gen moun mouri. 6Se #Lev 3.11; 18.21; 19.12 pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Senyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen. 7Yon #Lev 21.14; Eze 44.22 prèt pa gendwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l kite l, paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen. 8Tout #Lev 20.7,8; 22.9,16 moun dwe konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye, paske se yo menm k'ap fè ofrann pou Bondye nou an. Mwen menm Senyè a, mwen yon Bondye apa. Se mwen k'ap fè nou viv apa pou mwen. Wi, se pou nou konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye. 9Si #Jen 38.24 pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l, y'a boule l nan dife pou touye l. 10Granprèt #Egz 29.29; Lev 10.6; 16.32; Nonb 35.25 la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l chire rad sou li lè li gen moun mouri.
11-12Yo #Lev 21.1,2; Nonb 19.14 mete #Lev 8.12,30; 10.7 kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l apa pou mwen. Li pa fèt pou l fè bagay ki pou mete l nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l derespekte kay yo mete apa pou Bondye a. Li pa fèt pou l kite kay Bondye a pou l al antre nan yon kay kote gen kadav moun mouri, menm si se papa l osinon manman l ki mouri a. Se mwen menm ki Senyè a!
13Granprèt #Eze 44.22 la va marye ak yon jenn fi ki tifi. 14Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se selman yon jenn fi ki sòti nan menm branch fanmi avè l pou li pran pou madanm. 15Si se pa sa, #Lev 21.8 pitit li yo va yon wont pou fanmi an. Se mwen menm Senyè a ki konsakre li pou sèvis mwen.
16Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
17— Pale #Lev 10.3; Nonb 16.5 ak Arawon, w'a di li: Si gen yon moun nan fanmi ou ki gen yon enfimite, li p'ap janm ka pwoche pou l fè ofrann manje pou Bondye li. Regleman sa a ou fèt pou swiv li tout tan de pitit an pitit. 18Okenn #Lev 22.22-24; Det 23.1 gason enfim pa gendwa prezante ofrann bay Bondye, kit li avèg, kit li bwete, kit li domaje nan figi, kit li difòm, 19kit li enfim nan men osinon nan pye, 20kit li gen boul nan do, kit li rachitik, kit li malad nan je, kit li gen maladi po, kit li chatre. 21Depi yon gason nan ras prèt Arawon an enfim yon kote nan kò li, li p'ap ka pwoche pou fè ofrann pou boule nan dife pou Senyè a. Wi, si li gen yon enfimite, li p'ap ka pwoche devan Bondye pou fè ofrann pou li. 22Yon #Lev 14.13; 24.9; Nonb 18.9,19 nonm konsa ka toujou manje nan manje yo ofri ban mwen, kit se nan manje yo ofri m lan osinon nan manje yo mete apa pou mwen an. 23Men, li pa gendwa pwoche bò rido a ni vin bò lotèl la paske li enfim nan kò l. Li pa fèt pou derespekte bagay ki apa pou mwen yo paske se mwen menm Senyè a ki mete yo apa pou mwen.
24Se konsa, Moyiz pale ak Arawon, ak pitit gason l yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, li di yo tou sa.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte