Levitik 17

17
Piga manje san bèt
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Pale ak Arawon ak pitit gason l yo epi ak tout moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo: Men bagay Senyè a bay lòd pou nou fè: 3Si yonn nan moun Izrayèl yo touye yon towo bèf, yon mouton osinon yon kabrit nan kan kote yo rete a, ou ankò lòt bò limit kan an, 4depi #Det 12.5 se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l pou l ofri l bay Senyè a la devan kay Senyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l nèt nan mitan moun pèp Bondye a. 5Sa #Lev 3.2; Eze 20.28 vle di: Depi kounyeya moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Senyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bèt y'ap ofri pou di Bondye mèsi. 6Prèt #Egz 29.18 la va pran san an, l'a vide l sou lotèl la, devan pòt Tant Randèvou a. L'a boule grès la pou l fè yon bon sant ki va fè Senyè a plezi. 7Se #Det 31.16 pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit. 8Epi w'a di yo ankò: Okenn moun nan pèp Izrayèl la, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gendwa touye bèt yo ofri ni pou yo boule nèt ni pou lòt kalite sèvis 9okenn lòt kote, si se pa devan pòt Tant Randevou a pou li ofri l bay Senyè a. Si se pa sa, y'a wete l nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
10Pèsonn #Lev 3.17; 20.3,6; 1 Sam 14.33; Jer 44.11; Eze 14.8 ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gendwa manje vyann ak tout san li ladan l. Si li fè l, mwen menm Senyè a, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an. 11Nanm #Wòm 5.9; Ef 1.7; Kol 1.20; Eb 9.22; 13.12; 1 Jan 1.7; Rev 1.5 tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou. 12Se poutèt sa Senyè a te di moun pèp Izrayèl yo: Pèsonn nan pèp Izrayèl la, ni okenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pa gendwa manje vyann ki gen san ladan l. 13#Det 12.16; Eze 24.7 yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gendwa manje, l'a vide tout san bèt la atè epi l'a kouvri l ak tè. 14Paske #Jen 9.4 nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Senyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gendwa manje vyann okenn bèt ak tout san an ladan l. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l, m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.
15Mwen #Lev 15.5; 22.8; 24.22; Det 14.21 pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. 16Men, #Nonb 19.20 si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nèt, l'a peye sa l fè a.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte