Levitik 10

10
Peche Nadab ak Abiyou
1Yon jou, de pitit Arawon yo, Nadab #Egz 28.1; 30.9; Nonb 3.4; 1 Kwo 24.2 ak Abiyou, yo pran bwa fè dife, yo boule lansan sou li epi yo pote li devan Senyè a nan move kondisyon. Men ofrann lan pa te kòrèk paske se pa te konsa Senyè a te bay lòd fè. 2Senyè a #Lev 9.24; Nonb 16.35 voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Senyè a. 3#Egz 19.22; Eza 49.3; Eze 20.41; 28.22 sa a, Moyiz di Arawon:
— Men sa Senyè a t'ap di nou an wi lè l te di: Moun k'ap sèvi m fèt pou respekte m. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen!
Arawon pa di anyen. 4Moyiz #Egz 6.18,22 rele Mikayèl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyèl, tonton Arawon, li di yo:
— Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Senyè a, pote yo deyò lòt bò limit kan an.
5Se konsa yo vini, yo pran kò yo ak tout rad ki te sou yo, yo pote yo lòt bò limit kan an, jan Moyiz te di a. 6Apre #Lev 13.45; Nonb 16.22,46; Joz 7.1; Eze 24.16,17 sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak pitit li yo, Elyaza ak Itama. Li di yo:
— Pa rete tèt toutouni, pa pote dèy kou tout moun. Si nou fè sa, n'a mouri. Senyè a va fache sou tout pèp la. Men frè nou yo ansanm ak tout moun peyi Izrayèl yo gendwa pran dèy pou moun sa yo ki boule nan dife Senyè a te voye sou yo a. 7Nou #Lev 8.30; 21.12 menm, rete nan tant randevou a. Pa mete pwent pye nou deyò. Si nou fè sa, n'a mouri. Paske avèk lwil yo vide sou tèt nou an, yo konsakre nou pou Senyè a.
Yo fè jan Moyiz te di a.
Regleman pou prèt yo
8Senyè a pale ak Arawon, li di l konsa:
9— Ni #Eze 44.21 ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni okenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo. 10Se #Eze 22.26; 44.23 pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye. 11Lèfini, #Ney 8.2,8; Jer 18.18; Mal 2.7 se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Senyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.
12Moyiz #Lev 6.16,17; Nonb 18.9,10 pale ak Arawon ansanm ak pitit li yo, Elyaza ak Itama. Li di yo:
— N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Senyè a, n'a fè pen san ledven ak li, n'a manje yo bò lotèl la, paske li soti nan ofrann konsakre pou Senyè a. 13N'a manje l yon kote ki apa pou Senyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Senyè a. Se sa Senyè a te ban m lòd fè. 14Konsa #Egz 29.26-28; Lev 7.31-34; Nonb 18.11 tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gendwa manje pwatrin yo balanse devan Senyè a ak jigo yo te ofri bay Senyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Senyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo sòti. 15Wi, y'a pote jigo ak pwatrin y'ap ofri pou boule ansanm ak pòsyon grès y'ap ofri pou boule nan dife pou Senyè a. Y'a balanse yo devan Bondye. Pòsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Senyè a te bay lòd la.
16#Lev 9.3,15 sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l yo te gentan boule l. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa:
17— Poukisa #Lev 6.26,29 nou pat manje ofrann yo te fè pou peche a nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a? Nou konnen ofrann lan se yon bagay ki apa nèt pou Senyè a. Senyè a ban nou l pou nou manje, pou li ka wete peche pèp la, pou peye pou peche yo fè. 18Tande #Lev 6.26,30 byen. Nou wè yo pat pote san an anndan kay Bondye a. Se pou nou te manje vyann lan nan kay ki apa pou Bondye a, jan Bondye te ban mwen lòd fè l la.
19Arawon #Lev 9.15,16; Jer 6.20; 14.12; Oze 9.4; Mal 1.10 reponn Moyiz:
— Ou wè sa ki rive m jòdi a? Atout pèp la te fè ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Senyè a, mwen t'ap mande m si m te manje ofrann peche yo a jòdi a, ou kwè sa ta fè Senyè a plezi?
20Lè Moyiz tande sa, sa te fè kè l kontan.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte