Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou. N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè! De je m yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m wè malè ki tonbe sou pèp mwen an! Dlo ap koule nan je m san rete. Li p'ap janm sispann, jouk jou Senyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l gade, l'a wè! Wi, kè m fè m mal pou m wè sa ki rive moun lavil mwen yo! Yon bann moun pa vle wè m' san m'pa fè yo anyen. Yo pran kouri dèyè m' tankou zwazo y'ap chache trape. Yo lage m tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch. Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m pran! Nan twou kote m te ye a, Senyè, mwen rele ou! Ou tande vwa m. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou. Wi, lè m rele ou, ou pwoche. Ou di m mwen pa bezwen pè! Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m an konsiderasyon. Ou sove lavi m. Senyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m. Tanpri, defann kòz mwen. Ou wè jan yo sòti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m. Senyè, ou tande jan y'ap joure m. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m. Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan. Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m! Senyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè. Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo! Move sou yo, Senyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!
Li Lamantasyon 3
Koute Lamantasyon 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lamantasyon 3:46-66
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo