Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt. Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil. Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn. Atò, se konnen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton, lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou, lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen! Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l di se sa k fèt. Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.
Li Lamantasyon 3
Koute Lamantasyon 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lamantasyon 3:31-38
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo