Lamantasyon 1

1
Jerizalèm nan gwo lapenn
1Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon #Esd 4.20; Jer 7.34; 15.8 lè!
Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li!
Li tankou yon fanm ki pèdi mari l.
Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li.
Li te devan tout lòt lavil yo.
Kounyeya, men li tounen esklav!
2Tout #Sòm 6.6; Ekl 4.1; Jer 30.14 lannwit l'ap plede kriye,
dlo ap koule nan je l san rete.
Nan tout moun ki te renmen l yo,
li pa jwenn yonn menm pou konsole l.
Tout zanmi l yo trayi l,
yo tout fè l lènmi kounyeya.
3Yo #Det 28.64,65; Jer 52.27 depòte moun peyi Jida yo, y'ap peze yo.
Y'ap kraze yo anba travay di.
Moun peyi Jida yo ap viv nan lòt peyi.
Yo pa gen kote pou yo poze kò yo.
Tout moun ki pa vle wè yo sènen yo toupatou!
Pa gen chape pou yo.
4Chemen #Jer 14.2; Lam 2.6 ki mennen sou mòn Siyon yo blanch!
Pèsonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo.
Pòtay li yo vid.
Prèt yo ap plenn.
Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon.
Mòn Siyon an nan gwo chagren.
5Lènmi l #Det 28.44; 2 Kwo 36.20; Jer 12.1; 30.14,15; Da 9.16 yo pran pye sou li.
Moun ki pa vle wè l yo gen lapè avè l.
Senyè a ap fè l soufri pou tout kantite peche li fè yo.
Ata timoun piti yo depòte.
Lènmi pouse yo mache devan yo!
6Lavil #Jer 14.6 Jerizalèm pèdi tout prestij li.
Chèf li yo tankou kabrit mawon ki pa jwenn zèb pou yo manje.
Yo pa gen fòs pou yo kouri chape devan moun ki dèyè yo.
7Nan #Abd 12,13 mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a,
moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan.
Lè moun li yo tonbe anba men lènmi
pèsonn pa vin pote yo sekou.
Moun ki pa vle wè l yo ap pale sou li.
Yo kontan wè jan yo fini avè l.
8Lavil #Jer 13.22; Eze 16.37; Zak 13.1 Jerizalèm fè anpil peche!
Li bay moun degoutans.
Moun ki te gen respè pou li yo,
yo pa pran li pou anyen koulyeya.
Li kanpe devan yo tankou yon fanm ki toutouni.
Li menm l'ap plenn, l'ap bouche figi li afòs li wont.
9Malpwòpte #Det 32.29 te sou tout rad li,
men li pat fè lide kote sa t'ap mennen l.
Li tonbe plat atè.
Pèsonn pa vin konsole li.
Bondye papa m', gade nan ki mizè mwen ye non!
Lènmi m yo mete pye sou kou mwen.
10Lènmi l #Det 23.3; Sòm 79.1; Jer 51.51 yo vòlò tout bèl bagay li te genyen.
Moun Bondye te defann mete pye nan Tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a.
11Tout #Jer 38.9; 52.6 moun ap plenn,
y'ap chache manje pou yo manje!
Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje,
pou yo pa fin mouri.
— Granmèt o, voye je ou gade m non!
Wè jan y'ap pase m nan betiz!
12Nou #Sòm 80.12; Da 9.12 tout k'ap pase la a, gade non!
Sa pa di nou anyen? #1.12: Sa pa di nou anyen: Osinon Pa kite sa rive nou, tande!
Pèsonn pa janm pase sa m'ap pase la a.
Se Bondye, Senyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m.
13Li #Sòm 102.3; Jer 8.18; Eze 12.13 rete anwo, li voye dife sou mwen,
yon dife ki boule tout andan mwen.
Li tann pèlen pou mwen,
li fè m' tonbe atè,
li kite m' poukont mwen.
M'ap kòde san rete anba soufrans.
14Li #Det 28.48 make tout peche m yo.
Li fè yon pakèt ak yo.
Li pandye yo nan kou m.
Yo sitèlman lou, m pa kapab ankò!
Bondye sèl Mèt la lage m nan men lènmi m yo.
M pa ka kenbe tèt ak yo.
15Bondye #Eza 63.2,3 sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m te genyen yo anba pye l.
Li sanble yon foul moun pou yo atake m,
pou yo touye tout jenn gason m yo.
Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen.
16Se poutèt sa m'ap kriye konsa!
Dlo ap ponpe nan je m san rete.
Pa gen pèsonn pou konsole m,
pèsonn pou ban m kouray.
Lènmi m yo gen pye yo sou kou mwen.
Moun mwen yo pa gen anyen ankò.
17Mòn #Jer 4.31 Siyon an lonje men l,
men, pa gen pèsonn pou ba l kouray.
Senyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la,
pou yo sènen l toupatou.
Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo.
18Men, #1 Sam 12.14,15; Jer 12.1 Senyè a gen rezon l nan pla men l
paske mwen te refize koute l lè li t'ap pale m!
Nou tout moun ki toupatou, koute m!
Gade jan m'ap soufri!
Yo depòte jenn gason ak jenn fi m yo.
19Mwen rele zanmi m yo.
Men, yo pa okipe m menm!
Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la
pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.
20Senyè, #Det 32.25; Jòb 30.27; Eza 16.11; Eze 7.15 gade jan kè m' sere non! Mwen boulvèse.
Kè m' ap fè m' mal paske mwen te fè wòklò.
Nan lari y'ap asasinen moun.
Anndan kay menm, se pa pale!
21Koute #1.21: Koute: Men, dapre tèks ebre a se pou n ta di Y'ap koute. #Jer 50.11; Lam 4.21 jan m'ap plenn. Pa gen pèsonn pou ban m kouray.
Lènmi m yo vin konnen nan ki malè mwen ye.
Yo kontan wè se ou menm ki fè m sa.
Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non,
pou lènmi m yo ka vin jan mwen ye a.
22Jije #Sòm 109.14,15 yo pou mechanste yo.
Pini yo menm jan ou pini m pou peche m yo.
M'ap plenn anpil. Kè m ap fann.

Chwazi Kounye ya:

Lamantasyon 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an