Lamantasyon 1:1-7

Lamantasyon 1:1-7 HAT98

Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Kounyeya, men li tounen esklav! Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l san rete. Nan tout moun ki te renmen l yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l. Tout zanmi l yo trayi l, yo tout fè l lènmi kounyeya. Yo depòte moun peyi Jida yo, y'ap peze yo. Y'ap kraze yo anba travay di. Moun peyi Jida yo ap viv nan lòt peyi. Yo pa gen kote pou yo poze kò yo. Tout moun ki pa vle wè yo sènen yo toupatou! Pa gen chape pou yo. Chemen ki mennen sou mòn Siyon yo blanch! Pèsonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo. Pòtay li yo vid. Prèt yo ap plenn. Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon. Mòn Siyon an nan gwo chagren. Lènmi l yo pran pye sou li. Moun ki pa vle wè l yo gen lapè avè l. Senyè a ap fè l soufri pou tout kantite peche li fè yo. Ata timoun piti yo depòte. Lènmi pouse yo mache devan yo! Lavil Jerizalèm pèdi tout prestij li. Chèf li yo tankou kabrit mawon ki pa jwenn zèb pou yo manje. Yo pa gen fòs pou yo kouri chape devan moun ki dèyè yo. Nan mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a, moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan. Lè moun li yo tonbe anba men lènmi pèsonn pa vin pote yo sekou. Moun ki pa vle wè l yo ap pale sou li. Yo kontan wè jan yo fini avè l.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an