Jozye 20

20
Lavil refij la
(Nonb 35.6-34; Detewonòm 4.41-43; 19.1-13)
1Senyè a pale ak Jozye, li di l konsa:
2— Pale #Egz 21.13; Nonb 35.6,11-14; Det 4.41-43; 19.2-9 ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka jwenn pwoteksyon, jan mwen te bay Moyiz lòd pou yo fè a. 3Lè yon moun touye yon moun san li pa fè espre, san li pat gen lide fè sa, li ka kouri al kache la pou yo ka pwoteje l pou l pa tonbe anba men moun k'ap chache l pou yo tire revanj. 4Moun #Rit 4.1,2 k'ap chache pwoteksyon nan yonn nan lavil sa yo va kouri ale bò pòtay lavil la, l'a esplike chèf fanmi lavil la sa ki te rive l. Lèfini, y'a kite l antre nan lavil la. Y'a ba li yon kote pou l rete nan mitan yo. 5Si moun k'ap chache tire revanj yo rive jouk la dèyè l, chèf fanmi lavil la p'ap renmèt yo nonm lan, paske se pa espre li te fè lè l te touye moun menm ras ak li a. Li pat gen anyen avè l. 6L'a #Nonb 35.12,24,25 gen pou l rete nan lavil la jouk l'a parèt devan tout pèp la pou yo jije l, jouk moun ki granprèt lè sa a va mouri. Se lè sa a nonm lan va gendwa tounen lakay li, nan lavil li te kouri kite a.
7Se #Joz 14.13-15; 21.11,13,21,32 konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat-Aba ki rele kounyeya Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon. 8Lòt #Det 4.43; Joz 21.27,36,38; 1 Wa 22.3 bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Riben yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo. 9Men #Nonb 35.15 non lavil yo te chwazi pou bay pwoteksyon yo. Nenpòt moun nan pèp Izrayèl la osinon nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo ki ta touye yon moun san fè espre, l'a gendwa kouri al kache la pou yo ka pwoteje l pou l pa tonbe anba men moun ki fanmi pi pre moun li te touye a, anvan li paret devan tout pèp la pou yo jije l.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte