Jozye 2

2
Vizit de espyon Jeriko
1Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete #Nonb 25.1; Mat 1.5; Eb 11.31; Jak 2.25 Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo:
— Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko.
Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann. 2Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l konsa:
— Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.
3Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa:
— Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou.
4Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a:
— Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pat konnen ki bò yo sòti. 5Men, lè yo ta pral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo sòti, y'ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapousib yo, n'a jwenn yo.
6Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche. 7Sòlda #Jij 3.28; 7.24 wa yo menm sòti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Sòti sòlda yo sòti, yo fèmen pòtay la. 8Anvan mesye yo gentan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la. 9Li #Egz 15.15,16; 23.27; Joz 2.24 di yo:
— Mwen konnen Senyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou. 10Paske, #Egz 14.21; Nonb 21.23-26; 33—35; Joz 9.9,10; Sòm 135.11; 136.19,20 nou tande ki jan Senyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la #2.10: Lanmè Wouj la: Nan tèks ebre a nou li Lanmè Wozo yo. devan nou lè nou t'ap sòti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Senyè a. 11#Egz 15.14,15; Det 4.39; Joz 5.1 nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouray lè yo wè nou, paske Senyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a. 12Kounyeya, m'ap #Joz 2.18 mande nou sèmante devan Senyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen ak fanmi mwen, menm jan mwen te aji byen ak nou tou. Men sa m'ap mande nou fè pou mwen. 13Tanpri, sove lavi manman m ak papa m, sove lavi frè m yo ak sè m yo ansanm ak tout fanmi m yo. Pa kite yo touye nou.
14Mesye #Jij 1.24,25 yo reponn li.
— Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n kite yo touye ou. Si ou pa di pèsonn sa nou vin fè isit la, lè Senyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.
15Rarab #1 Sam 19.12; Tra 9.25; 2 Kor 11.33 te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò. 16Li di yo:
— Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou.
17Mesye yo di l:
— N'ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la. 18Tande #Joz 6.23 byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou. 19#Mat 27.25 sa a, nenpòt kiles ladan yo ki va sòti lakay ou, sa ki rive l se pa l. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou. 20Konsa #Joz 2.14 tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p'ap gen okenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò.
21Fanm lan di yo:
— Mwen dakò ak sa nou di a!
Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l nan fennèt la.
22De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko. 23Lè sa a, de mesye yo tounen, yo desann sòti nan mòn yo, yo janbe larivyè Jouden an, y'al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l tou sa ki te rive yo. 24Yo #Egz 23.31; Joz 2.9; 21.44 di l konsa:
— Senyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an