Jozye 11

11
Viktwa Jozye sou wa Jaben
1Nouvèl tout bagay sa yo rive nan #Jij 4.2 zòrèy Jaben, wa Azò a. Li menm, li voye nouvèl la bay Yobad, wa lavil Madon, bay wa Chimwon ak wa Akchaf, 2bay #Jij 1.27 tout wa ki rete bò nò a, nan mòn yo, nan fon ki anba Chinawòt, nan plenn yo ak nan koulin Dò yo bò solèy kouche. 3Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa. 4Tout #Jij 7.12; 1 Sam 13.5 wa yo vini avèk tout sòlda yo. Sa te fè yon gwo lame sòlda pèsonn pat ka konte, ou ta di grenn sab bò lanmè, avèk yon kantite chwal ak cha lagè. 5Wa yo pran randevou, yo mete tout sòlda yo ansanm. Yo rive, yo moute kan yo yonn sou kote lòt, toupre dlo Mewòm yo, pou yo atake pèp Izrayèl la.
6Senyè a #Det 20.1; Joz 10.8; 17.16-18; Jij 1.19; 4.3; 2 Sam 8.4 di Jozye konsa:
— Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.
7Se #Joz 10.9 konsa, Jozye rive bò dlo Mewòm lan ak tout sòlda li yo, li tonbe sou lènmi yo san yo pat atann, li atake yo. 8Senyè a #Joz 13.6 lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape. 9Jozye fè yo tou sa Senyè a te ba li lòd fè a: li koupe jarèt chwal yo, li boule tout cha lagè yo.
10Apre #Jij 4.2 sa, Jozye tounen sou dèyè, li pran lavil Azò, epi li touye wa li a. Lè sa a, Azò te pi gwo lavil nan tout peyi wa yo. 11Li #Joz 10.40 fè touye dènye moun ak dènye bèt. Yo pa kite yonn menm chape. Lèfini, li mete dife nan lavil la. 12Jozye pran tout lavil yo ansanm ak wa yo. Epi li fè yo touye tout wa yo, jan Moyiz, sèvitè Senyè a, te kite lòd pou li fè li a. 13Men, moun Izrayèl yo pat boule okenn lavil nan lavil ki te bati sou ti mòn yo, an wetan lavil Azò Jozye te fè boule. 14Moun pèp Izrayèl yo pran tout bagay ak tout bèt yo te jwenn nan lavil yo. Men, yo touye tout moun, yo pa kite yonn chape. 15Senyè a #Egz 34.11,12; Det 7.2; Joz 1.7 te bay Moyiz, sèvitè li a, lòd li yo. Moyiz menm te bay Jozye menm lòd yo tou. Se konsa Jozye te fè tou sa Senyè a te bay Moyiz lòd fè, san manke anyen.
Tout peyi a nan men Izrayèl
16Jozye #Joz 10.41; 11.2 ak pèp Izrayèl la te pran tout peyi a nan men moun yo, ki vle di: mòn yo, tout Negèv la, tout peyi Gochenn lan, plenn yo, Fon Jouden an, tout mòn ak tout ti bit peyi Izrayèl yo, 17depi #Det 7.24 Mòn Alak ki toupre peyi Seyi a, jouk Baal-Gad ki nan fon Liban an nan pye mòn Emon an. Li mete men sou tout wa yo, li bat yo, li touye yo. 18Jozye #Joz 14.7,10 te pase yon bon tan ap fè lagè ak wa sa yo. 19Anwetan #Joz 9.3,7 lavil Gabawon, kote moun Evi yo te rete a, pa te gen okenn vil ki te vle fè lapè ak moun Izrayèl yo, 20paske #Egz 4.21; Det 2.30; 20.16,17; Eza 63.17; Wòm 9.18 Senyè a te fè tout moun sa yo sòti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Senyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Senyè a te bay Moyiz lòd la.
21#Nonb 13.22,33; Det 1.28; Joz 15.13,15; Jij 1.10-15 sa a, Jozye leve, l ale, li touye tout moun Anak yo ki te rete nan mòn yo, nan lavil Ebwon, lavil Debi, lavil Anab, nan tout mòn peyi Jida ak tout mòn peyi Izrayèl yo. Li fè touye yo tout. Apre sa, li detwi tout lavil yo tankou ofrann pou Senyè a. 22Pat #1 Sam 17.4 gen yon moun Anak ankò nan peyi Izrayèl la, esèpte lavil Gaza, lavil Gat ak lavil Asdòd. 23Jozye #Nonb 26.52-56; 34.2-12; Joz 12.7; 14.1,2; 21.44 te pran tout peyi a, jan Senyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l pa l. Li separe l, li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pat gen goumen ankò.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte