Jonas 1

1
Jonas kenbe tèt ak Bondye
1Yon jou, Senyè a pale ak Jonas, pitit gason #2 Wa 14.25 Amitayi a, 2li #Jen 10.11,12; 2 Wa 19.36; Mat 12.41; Rev 18.5 di l konsa:
— Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.
3Men #Jen 4.16; 1 Wa 10.22; Sòm 139.9,10; Eze 27.12 lè sa a, li pati nan direksyon Tasis, #1.3: Tasis: Nan tan sa a se non yo te bay peyi ki nan zòn kote peyi Lespay ye kounyeya. paske li t'ap kouri pou Senyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare vwayaje Tasis. Li peye. Li anbake abò ak maren yo. Li jete kò li Tasis paske li t'ap kouri pou Senyè a.
4Men, #Sòm 48.7; 107.25 Senyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule. 5Maren #Sòm 107.28; Tra 27.18,19 yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l. Dòmi pote l ale. 6Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l konsa:
— Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.
7Apre sa, maren yo yonn di lòt:
— Ann tire osò pou n konnen ki moun ki lakòz sa rive nou.
Yo tire osò, epi se non Jonas ki sòti. 8Epi yo di l:
— Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou sòti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou?
9Jonas #Sòm 146.6 reponn yo:
— Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Senyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a.
10Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Senyè a. Maren yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l konsa:
— Sa ou fè konsa, monchè?
11Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l:
— Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal?
12Jonas #Joz 7.20 reponn yo:
— Pran m, lage m nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a.
13Maren yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pat kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou. 14#Det 21.8; Sòm 115.3 yo wè sa, yo rele nan pye Senyè a, yo lapriyè li konsa:
— O Senyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò misye. Ou wè nou inosan. Paske se ou menm, Senyè, ki vle li konsa.
15Epi #Sòm 65.7; Lik 8.24 yo pran Jonas, yo lage l nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt. 16Lè maren yo wè sa, yo te vin pè Senyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l.
17 # 1.17—2.10: Koresponn ak chapit 2.1-11 nan tèks ebre a. Senyè a #Mat 12.40; 16.4 depeche yon gwo pwason vin vale Jonas tou vivan. Jonas pase twa jou twa nwit nan vant gwo bèt la.

Chwazi Kounye ya:

Jonas 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an