Jonas 1:1-17

Jonas 1:1-17 HAT98

Yon jou, Senyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a, li di l konsa: — Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen. Men lè sa a, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Senyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare vwayaje Tasis. Li peye. Li anbake abò ak maren yo. Li jete kò li Tasis paske li t'ap kouri pou Senyè a. Men, Senyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule. Maren yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l. Dòmi pote l ale. Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l konsa: — Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri. Apre sa, maren yo yonn di lòt: — Ann tire osò pou n konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki sòti. Epi yo di l: — Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou sòti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou? Jonas reponn yo: — Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Senyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a. Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Senyè a. Maren yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l konsa: — Sa ou fè konsa, monchè? Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l: — Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal? Jonas reponn yo: — Pran m, lage m nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a. Maren yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pat kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou. Lè yo wè sa, yo rele nan pye Senyè a, yo lapriyè li konsa: — O Senyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò misye. Ou wè nou inosan. Paske se ou menm, Senyè, ki vle li konsa. Epi yo pran Jonas, yo lage l nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt. Lè maren yo wè sa, yo te vin pè Senyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l. Senyè a depeche yon gwo pwason vin vale Jonas tou vivan. Jonas pase twa jou twa nwit nan vant gwo bèt la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an