Jòb 41

41
1 # 41.1-34: Koresponn ak chapit 40.25—41.25 nan tèks ebre a. Eske ou ka pran Levyatan an nan #Sòm 74.14; 104.26 zen?
Eske ou ka mare lang li ak yon kòd?
2Eske #2 Wa 19.28 ou ka pase yon bwa wozo nan nen l?
Eske ou ka pèse machwa l ak yon gwo zen?
3Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m ale?
Eske l'ap pale dous avè ou?
4Eske #Egz 21.6 l'ap pase kontra avè ou
pou l sèvi ou pou tout tan?
5Eske ou ka mare l tankou yon ti zwazo
pou pitit fi ou yo ka jwe avè l?
6Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'?
Eske machann yo pral dekoupe yo fè moso pou vann?
7Eske ou ka pike tout po kò l ak fwenn?
Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn?
8Seye mete men ou sou li yon grenn fwa,
ou p'ap janm fè sa ankò,
lè w'a chonje sa la fè ou!
9Depi ou wè Levyatan an, ou pèdi tout kouray ou.
Ou annik wè l, ou tonbe atè.
10Si yo leve l nan dòmi, li move.
Pa gen moun ki ka kanpe devan l.
11Ki #Sòm 24.1; Wòm 11.35 moun ki ka atake l san anyen pa rive l?
Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.
12Mwen pa bezwen di ou anyen sou pat janm li yo.
Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l.
13Pèsonn pa janm rive dechire premye po li.
Ni pèsonn pa janm rive pèse karapas li.
14Ki moun ki janm fòse l louvri bouch li?
Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri.
15Tout do l, se yon seri gwo kal
mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch.
16Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl.
Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase.
17Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt
anyen pa ka separe yo.
18Lè li estènen, limyè fè yan-yan.
Je li klere tankou solèy k'ap leve.
19Flanm dife ap sòti nan bouch li.
Tensèl dife ap vole sòti ladan l.
20Lafimen ap sòti nan tout twou nen l
tankou nan yon chòdyè k'ap bouyi sou dife.
21Souf li ta ka limen bwa dife.
Flanm dife ap sòti nan bouch li.
22Se nan kou li tout fòs li ye.
Depi moun wè l, kè yo kase.
23Po li fè kal kal sou tout kò li.
Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch.
24Kè li di kou wòch, li pa pè anyen.
Li fèm kou wòl moulen.
25Lè li leve kanpe, ata grannèg yo pè.
Yo kouri san gad dèyè.
26Pa gen nepe ki ka blese l.
Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l anyen.
27Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay,
nenpòt bout asye mou tankou bannann mi.
28Pa gen kout flèch ki pou fè l kouri.
Wòch fistibal, se boul koton pou li.
29Yon baton fè se yon bwa mayi pou li.
Li ri lè yo voye lans sou li.
30Anba #Eza 28.27; 41.15 vant li graj graj tankou moso kanari kraze.
Kote li pase nan labwa a, li make l
tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden.
31Lè l plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chòdyè k'ap bouyi sou dife.
Li fè l bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè.
32Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la.
Li fè tout lanmè a kimen.
33Pa gen bèt tankou l sou latè.
Bondye kreye l pou l pa janm pè anyen.
34Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je.
Se li ki wa tout bèt sovay yo.

Chwazi Kounye ya:

Jòb 41: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an