Jòb 4

4
PREMYE SERI KOZE JOB AK ZANMI L YO
(4—14)
Premye koze Elifaz ak Jòb
1Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa:
2— Jòb, si m pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè?
Mwen pa ka pa pale.
3Yon #Eza 35.3; Eb 12.12 lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay,
se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.
4Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje.
Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò.
5Kounyeya, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou.
Malè tonbe sou ou, w'ap depale.
6W'ap #Jòb 1.1; 31.24 sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l konfyans.
Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje.
7Repase #Sòm 37.25 tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal?
Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat?
8M'ap #Pwo 22.8; Oze 10.13; Gal 6.7,8 di sa m wè ak je m: Moun ki kouve mechanste nan kè yo
epi k'ap mache bay moun lapenn,
se mechanste ak lapenn yo rekòlte.
9#Egz 15.8; Sòm 18.15; Eza 11.4; 30.33; 2 Tes 2.8 Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri.
Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt.
10Mechan #Sòm 58.6 yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovay.
Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo.
11Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje.
Tout pitit yo gaye nan bwa.
12Yon #Jòb 26.14 lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen.
Mwen pat fin tande nèt sa li t'ap di.
13Tankou #Jen 15.12; 1 Sam 26.12; Jòb 33.15; Eza 29.10 yon move rèv nan mitan lannwit,
li mete yon bann vye lide nan tèt mwen.
M pa ka dòmi tèlman mwen pè.
14Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m.
Tout zo nan kò m ap krake.
15Yon souf pase bò figi m,
tout cheve nan tèt mwen kanpe.
16Mwen #Nonb 12.8; 1 Wa 19.12; Sòm 17.15 rete konsa, mwen wè yon moun kanpe devan m'.
Mwen pa te rekonèt li.
Men, fòm moun lan te la devan je mwen.
Mwen pa tande yon ti bri menm.
Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di:
17Ki #Jòb 9.2; 25.4; 32.2; Wòm 3.4 moun ki ka di li mache dwat devan Bondye?
Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l la?
18Bondye #Jòb 15.15 pa janm fin fye sèvitè l yo nèt.
Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l repwoche yo.
19Alewè #Jòb 10.9; 13.28; 33.6; Eza 64.8; 2 Kor 4.7; 5.1 atò pou moun ki fèt ak labou,
pou moun ki soti nan pousyè tè,
pou moun yo kapab kraze tankou vètè!
20Yon #Sòm 90.5,6; Eza 38.12; 57.1 sèl jou kont pou yo tounen pousyè,
yo disparèt nèt. Pèsonn pa wè sa.
21Yo #Jòb 36.12; Pwo 5.23; 10.21; Oze 4.6 rete konsa yo kase kòd.
Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.

Chwazi Kounye ya:

Jòb 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte