Jòb 38:1-18

Jòb 38:1-18 HAT98

Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Senyè a pale ak Jòb. Li di l konsa: — Kisa ou ye menm pou w'ap poze kèsyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? Mete gason sou ou! M pral poze ou kèsyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. Kote ou te ye lè m t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l? Eske ou konn sa? Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l la? Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete sòti nan vant latè a? Lè mwen kouvri lanmè a ak nyaj, lè mwen vlope l nan gwo nyaj nwa yo, mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l nan plas li. Mwen di l: Men limit ou. Pa depase l. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo. Jòb, eske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase? Eske ou janm bay douvanjou lòd lè pou l klere sou tout latè, lè pou l fè mechan yo sòti nan twou yo? Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li. Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a. Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a? Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an? Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!