Jòb 27

27
Rès repons Jòb la
1Jòb pran lapawòl ankò pou l bay rès #Nonb 23.7 repons li a. Li di konsa:
2— Mwen #Rit 1.20; 2 Wa 4.27; Jòb 34.5 fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen,
Bondye ki gen tout pouvwa a,
li menm ki refize rann mwen jistis la,
li menm ki ban m degoutans ak lavi a,
3toutotan #Jen 2.7; Jòb 33.4 mwen poko mouri,
toutotan Bondye ban m yon ti souf toujou,
4mwen p'ap janm kite okenn move pawòl sòti nan bouch mwen,
ni m p'ap janm bay okenn manti.
5Pa #Jòb 2.3,9; 13.15 janm konprann m'ap ban nou rezon!
M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.
6Mwen #Tra 23.1; 24.16; 1 Kor 4.4 sòti pou m defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak.
Konsyans mwen pa repwoche m anyen.
M pa gen anyen ki pou fè m wont.
7Se pou tout moun ki pa vle wè m yo sibi menm sò ak mechan yo.
Se pou lènmi m yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.
8Ki #Jòb 8.13; Mat 16.26 espwa ki gen pou mechan an
lè Bondye rele l, lè li pral pran nanm li?
9#Sòm 18.41; Pwo 1.28; Eza 1.15; Jer 11.11; 14.12 malè ap tonbe sou mechan an,
eske Bondye ap tande rèl li yo?
10Li pat janm pran plezi l nan fè volonte Bondye.
Li pat lapriyè Bondye tout tan.
11Kite m moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè.
Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a.
12Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou.
Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen?
13 # 27.13-23: Yo toujou pran pawòl ki pran depi nan vèsè 13 rive nan vèsè 23 a pou pawòl Sofa atout yo pa bay non Sofa a nan tèks ebre a. #Jòb 15.20; 20.29 sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di:
— Men kisa Bondye pare pou mechan yo.
Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la.
14Yo #Det 28.41; Oze 9.12 te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè.
Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje.
15Sa #Sòm 78.64 ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale.
Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo.
16Mechan #Zak 9.3 an te mèt anpile lajan kou l pa konnen,
li te mèt gen rad depase sa l bezwen,
17se #Pwo 13.22; Ekl 2.26 moun dwat yo ki va mete rad yo,
se pou moun inonsan yo lajan an va rete.
18Kay #Jòb 8.14,15; Kan 1.6; Eza 1.8 li bati tankou twal anasi,
tankou yon ti kay jaden.
19Nan #Jòb 24.24; Jer 8.2; Eze 29.5 aswè, li moute kabann li rich.
Lè li leve, li pa jwenn anyen.
20Malè #Jòb 18.11; 22.11; 34.20 tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann.
Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l ale.
21Yon #Jòb 30.22 van lès leve, li pote l ale.
Li rache l nan kay kote l ye a.
22Van #Jòb 16.13 an ap vante sou li san pitye.
Li menm l'ap fè sa li kapab pou l chape anba l.
23Moun #2 Kwo 29.8; Lam 2.15; Eze 25.6; 27.36; Sof 2.15 kontan wè jan li fini.
Kote l pase, y'ap rele chalbari dèyè l.

Chwazi Kounye ya:

Jòb 27: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte