Jòb 23

23
Twazyèm repons Jòb bay Elifaz
1Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2— Fwa #Jòb 10.1; Sòm 32.4 sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l.
Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l.
3Si m te #Sòm 9.7,8 ka konnen kote pou m jwenn li,
mwen ta rive kote l ye a.
4M ta #Jòb 13.3; 33.5 defann kòz mwen devan li.
M ta di l dènye sa ki nan lide m pou defann tèt mwen.
5M ta konnen jan l'ap reponn mwen,
m ta tande sa l'ap di m.
6Eske Bondye ta pral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m?
Non. Li ta rete koute m ase.
7Li ta wè moun k'ap pale avè l la se yon moun ki toujou mache dwat.
Li menm k'ap jije m lan, li ta rekonèt mwen inonsan.
8M'ale #Jòb 9.11; 35.14 bò solèy leve, Bondye pa la.
M'ale bò solèy kouche, mwen pa wè l tou.
9Mwen moute nan nò al chache l, m pa wè l.
Mwen desann nan sid, bichi!
10Men, #Sòm 66.10; 139.1-3,24; Zak 13.9; 1 Pyè 1.7 Bondye konnen tout ti vire tounen mwen.
Si li sonde m, la wè m bon tankou bon lò ki pase nan dife.
11M mache #Sòm 17.5; 44.18 pye pou pye dèyè l.
M swiv chemen li mete devan m lan.
M pa janm devire ni adwat ni agòch.
12Mwen #Sòm 119.11,103; Jan 4.32,34 toujou fè tou sa li bay lòd fè.
Mwen te fè volonte l, mwen pa fè sa m te gen nan tèt mwen.
13Men, #Jòb 9.12; 12.14; Sòm 115.3 lè Bondye fin deside yon bagay,
ki moun ki ka fè l chanje lide?
Ki moun ki ka enpoze l fè sa li vle fè a?
14L'ap #Jòb 10.13; 1 Tes 3.3 toujou fè m sa li vle fè m lan.
Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
15Se poutèt sa, m'ap tranble devan l.
Lè m chonje sa, mwen sòti pè l.
16Men wi, se Bondye k'ap kraze kouray mwen.
Se Bondye menm mwen sòti pè. Se pa fènwa a.
17Fènwa a kache Bondye pou m pa wè l.
L enpoze m santi prezans li. Se tout!

Chwazi Kounye ya:

Jòb 23: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte