Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa: — Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo. Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun! Si m te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m ta ka pale jan nou pale a tou, m ta pase nou nan yon wonn tenten, m ta vide bèl diskou sou nou. M ta remoute kouray nou ak konsèy, m ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
Li Jòb 16
Koute Jòb 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 16:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo