Wi, mwen wè tou sa ak de je m. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann. Sa nou konnen an, mwen konnen l tou. M pa pi sòt pase nou. Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvou a m annafè. Se avè l mwen vle pale pou m defann kòz mwen. Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun. Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann. Koute sa mwen gen sou kè m. Louvri zòrèy nou pou n tande jan m pral plede kòz mwen. Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa? Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase? Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun! Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l n'ap achte anba chal. Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou? Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.
Li Jòb 13
Koute Jòb 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 13:1-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo