Jòb 12

12
Premye repons Jòb bay Sofa
1Jòb pran lapawòl, li di:
2— Apa nou k'ap pale pou pèp la!
Mouri nou mouri, bon konprann kaba!
3Men, #Jòb 13.2; 15.9 mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou.
Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l.
4Kounyeya, menm #Jòb 30.1; Sòm 91.15 zanmi m ap pase m nan rizib.
Y'ap ri m, mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l repwoche,
yon moun Bondye te konn reponn lè m rele l.
5Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon.
Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l bourad fè l tonbe pi vit.
6Piyajè #Jòb 21.7 yo byen trankil lakay yo.
Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz.
Bondye yo se fòs ponyèt yo.
7Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwazo yo.
Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.
8Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson,
pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.
9Pa #Jòb 1.21; Eza 41.20 gen yonn ladan yo ki pa konnen
se Bondye ki fè tout bagay ak men li.
10Bondye #Da 5.23; Tra 17.28 gen nanm tout sa ki vivan nan men li.
Wi, lavi tout moun nan men li.
11Bèl #Jòb 34.3 pawòl fè plezi zòrèy
menm jan bon manje gou nan bouch.
12Yo #Jòb 32.7; Sòm 119.100 di se vye granmoun ki gen konesans,
se laj ki bay bon konprann.
13Men, #Jòb 9.4; 36.5 Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa.
Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.
14#Jòb 11.10; Eza 22.22; Rev 3.7 Bondye kraze yon bagay, pèsonn pa ka refè l.
Lè li mete yon moun nan prizon, pèsonn pa ka lage l.
15#Jen 7.11-24; Det 11.17; 1 Wa 8.35; Am 9.6 li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè.
Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.
16Bondye #Jòb 5.12 gen fòs, li konn sa l'ap fè.
Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti,
se anba ponyèt li yo ye.
17Li #2 Sam 17.23; Jòb 9.24; Eza 40.23; 1 Kor 1.19 fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo.
Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
18Li wete tout pouvwa nan men wa yo.
Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.
19Li fè prèt yo mache pye atè.
Li mete gwo zotobre atè!
20Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy.
Li fè granmoun yo depale.
21Li #Sòm 107.40 fè pase grannèg yo nan betiz.
Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.
22Li #Da 2.22; 1 Kor 4.5 klere twou fon kote ki fè nwa a,
li mete twou lanmò a aklè.
23Li #2 Wa 18.11; Eza 9.3; 26.15 fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi.
Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l disparèt.
24Li #Jòb 6.18; Sòm 107.40 fè chèf pèp yo pèdi tèt yo,
li fè yo moute desann nan dezè,
san yo pa konn kote yo prale.
25Y'ap #Jòb 5.14; Sòm 107.27; Eza 19.14 tatonnen nan fènwa,
y'ap titibe tankou moun sou.

Chwazi Kounye ya:

Jòb 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte