Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la. Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a. Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen. Sa pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. Se mwen menm pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun.
Li Jan 6
Koute Jan 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 6:41-51
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo