Jan 6:41-51
Jan 6:41-51 1998 Haïtienne (HAT98)
Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la. Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a. Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen. Sa pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. Se mwen menm pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun.
Jan 6:41-51 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les Juifs critiquent Jésus, parce qu’il a dit : « Le pain qui descend du ciel, c’est moi. » Et ils disent : « Cet homme-là, c’est Jésus, le fils de Joseph ! Nous connaissons son père et sa mère ! Comment est-ce qu’il peut dire maintenant : “Je suis descendu du ciel” ? » Jésus leur répond : « Ne faites plus de critiques ! Le Père, c’est celui qui m’a envoyé. Personne ne peut venir à moi, sauf si le Père l’attire. Et moi, le dernier jour, je le relèverai de la mort. Voici ce que les prophètes ont écrit : “Dieu enseignera tous les êtres humains.” Tous ceux qui écoutent le Père et qui reçoivent son enseignement, tous ceux-là viennent à moi. Personne n’a vu le Père, sauf celui qui vient de Dieu. Lui, il a vu le Père. « Oui, je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un croit, il vit avec Dieu pour toujours. Le pain qui donne la vie, c’est moi. Dans le désert, vos ancêtres ont mangé la manne et ils sont morts. Mais si quelqu’un mange le pain descendu du ciel, il ne mourra pas. Le pain vivant qui est descendu du ciel, c’est moi. Celui qui mange de ce pain vivra pour toujours. Et le pain que je donnerai, c’est mon corps, je le donne pour la vie du monde. »
Jan 6:41-51 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.” Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?” Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!” Se Papa Bondye ki voye m, pa gen yon moun Papa a pa voye ban mwen ki kapab vin jwenn mwen. M ap resisite yo nan dènye jou a. Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.” Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen. Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a. Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl. Mwen se pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.
Jan 6:41-51 New International Version (NIV)
At this the Jews there began to grumble about him because he said, “I am the bread that came down from heaven.” They said, “Is this not Jesus, the son of Joseph, whose father and mother we know? How can he now say, ‘I came down from heaven’?” “Stop grumbling among yourselves,” Jesus answered. “No one can come to me unless the Father who sent me draws them, and I will raise them up at the last day. It is written in the Prophets: ‘They will all be taught by God.’ Everyone who has heard the Father and learned from him comes to me. No one has seen the Father except the one who is from God; only he has seen the Father. Very truly I tell you, the one who believes has eternal life. I am the bread of life. Your ancestors ate the manna in the wilderness, yet they died. But here is the bread that comes down from heaven, which anyone may eat and not die. I am the living bread that came down from heaven. Whoever eats this bread will live forever. This bread is my flesh, which I will give for the life of the world.”
Jan 6:41-51 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors les gens se mirent à murmurer contre lui, parce qu’il avait dit : « C’est moi qui suis le pain descendu du ciel. » Ils disaient : Voyons, n’est-ce pas Jésus, le fils de Joseph ? Nous connaissons bien son père et sa mère ! Comment peut-il prétendre qu’il est descendu du ciel ? Jésus leur dit : Cessez donc de murmurer ainsi entre vous ! Personne ne peut venir à moi si le Père qui m’a envoyé ne l’attire, et moi, je le ressusciterai au dernier jour. Dans les écrits des prophètes, vous pouvez lire cette parole : Dieu les instruira tous . Tout homme qui écoute la voix du Père et qui est instruit par lui vient à moi. Personne n’a jamais vu le Père, sauf celui qui est venu d’auprès de Dieu. Lui, il a vu le Père. Vraiment, je vous l’assure : celui qui croit a la vie éternelle, car je suis le pain qui donne la vie. Vos ancêtres ont bien mangé la manne dans le désert et cela ne les a pas empêchés de mourir. Mais c’est ici le pain qui descend du ciel : celui qui en mange ne mourra pas. Moi, je suis le pain vivant descendu du ciel : si quelqu’un mange de ce pain-là, il vivra éternellement. Le pain que je donnerai pour que le monde vive, c’est mon propre corps.