— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi. — Anverite gen yon lè k'ap rive, li deja rive, mò yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout mò ki tande vwa a, yo pral reviv ankò. Papa a gen pouvwa pou l bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou. Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a. Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo. — Mwen pa kapab fè anyen tou sèl. Mwen jije dapre sa mwen tande. Jijman mwen rann se bon jijman. Paske se pa volonte pa mwen m'ap fè, men se volonte moun ki voye mwen an.
Li Jan 5
Koute Jan 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 5:24-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo