Jan 19:1-42

Jan 19:1-42 HAT98

Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi pou yo bat li byen bat. Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li. Yo pwoche bò kote l, yo di li: — Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li. Pilat sòti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: — Koute. Mwen pral mennen l isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m kondannen nonm sa a. Se konsa, Jezi sòti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: — Men nonm lan! Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l, yo konmanse rele: — Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Pran l, kloure l sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m kondannen l, mwen menm. Jwif yo reponn li: — Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye. Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou. Li antre nan palè a, li mande Jezi: — Ki kote ou sòti? Men, Jezi pa reponn li. Lè sa a, Pilat di li: — Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m lage ou, mwen gen pouvwa pou m fè yo kloure ou sou yon kwa? Jezi reponn li: — Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pat Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m nan men ou lan, li pi koupab pase ou. Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l lage Jezi. Men, jwif yo konmanse rele: — Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye. Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l: Gabata). Se te lavèy Pak jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: — Men wa nou an! Men, yo konmanse rele: — Touye li! Touye li! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Nou vle m kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf prèt yo reponn li: — Nou pa gen lòt wa pase Seza. Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y'al kloure l sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l ale. Jezi sòti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (an lang ebre, yo rele l: Gòlgota). Rive la, sòlda yo kloure l sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo. Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: — Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. Pilat reponn yo: — Sa m ekri a, m ekri l nèt. Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a. Sòlda yo, yonn di lòt: — Nou p'ap chire rad sa a non. Annou fè tirajosò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa pawòl ki ekri nan liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo fè tirajosò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè. Bò kwa Jezi a te gen manman l ak sè manman l, Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a. Jezi wè manman l ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l konsa: — Madanm, men pitit ou. Li di disip la: — Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li. Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: — Mwen swaf. Te gen yon veso plen vinèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan vinèg la, yo mare li nan yon pwent gòl izòp, yo pwoche li bò bouch Jezi. Lè Jezi fin pran vinèg la, li di: — Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri. Se te lavèy jou saba a. Jwif yo pa te vle pou kadav la rete sou kwa a jou saba a paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou li fè kraze janm moun ki kloure sou kwa yo pou fin touye yo. Epi pou li fè yo wete kadav yo. Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou. Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gentan mouri. Se sa k fè yo pat kraze janm li yo. Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a. Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè. Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li. Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a. Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l ale. Nikodèm, nonm ki t'al jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant liv lwil lami melanje ak lalwa. Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l nan bann twal fen yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pat ankò mete pèsonn ladan li. Se te lavèy saba jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sa ki fè, se la yo te mete kò Jezi.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an